Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Esdras 3:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Konsa, Josué avèk fis li yo ak frè li yo te kanpe ansanm avèk Kadmiel ak fis pa li yo, fis a Juda yo, fis a Hénadad yo avèk fis pa yo ak frè yo, Levit yo, pou sipèvize ouvriye nan tanp Bondye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Se konsa Jozye, pitit gason l yo ak lòt fanmi li yo, ansanm ak Kadmyèl ak pitit gason l yo, moun fanmi Jida, mete tèt yo ansanm, yo pran reskonsabilite travay ki t'ap fèt nan Tanp Bondye a.

Gade chapit la Kopi




Esdras 3:9
6 Referans Kwoze  

Nan sila yo, venn-kat-mil te pou sipèvize lèv lakay SENYÈ a, si-mil te ofisye avèk jij,


Mesye yo te fè travay la avèk bòn fwa ak fòmann ki sou yo pou sipèvize yo. Yo te sipèrvize pa Jachath avèk Abidias, Levit yo nan fis a Merari yo, Zacharie avèk Meschallam nan fis a Keatit yo ak Levit yo, tout moun ki te gen gwo kapasite, ak lòt ki te fò nan jwe enstriman mizik yo.


Levit yo: fis a Josué yo, fis a Kadmiel yo e fis a Hodavia yo: swasann-katòz.


Alò, nan dezyèm ane a, depi yo te rive lakay Bondye Jérusalem nan dezyèm mwa a, Zorobabel, fis a Schealthiel la avèk Josué, fis a Jotsadak la avèk tout lòt frè pa yo, prèt yo avèk Levit yo e tout moun ki te vini soti an kaptivite pou rive Jérusalem, te kòmanse èv la e te apwente Levit yo ak laj a ventan oswa plis pou sipèvize travay lakay SENYÈ a.


Apre li Binnuï, fis a Hénadad la, te repare yon lòt pòsyon soti lakay Azaria, jis rive nan ang lan, jis rive nan kwen an.


Levit yo: fis a Josué ak Kadmiel yo, avèk fis a Hodeva yo, swasann-katòz.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite