Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Esdras 3:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 jiskaske pèp la pa t kab distenge antre son lajwa ak son kriye a pèp la, paske pèp la te rele ak gran vwa e son lan te koute soti byen lwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Men, pèsonn pat ka di kilès ki t'ap rele ak kè kontan, kilès ki t'ap plede kriye ak dlo nan je, paske tout pèp la t'ap rele ansanm byen fò. Moun te ka tande yo byen lwen.

Gade chapit la Kopi




Esdras 3:13
14 Referans Kwoze  

Tout pèp la te monte apre li. Pèp la t ap jwe flit, yo t ap rejwi avèk gran jwa, jiskaske tè a te vin souke avèk bwi ke yo t ap fè yo.


Tsadok, prèt la, avèk Nathan, pwofèt la, te onksyone li wa nan Guihon. Yo te vin monte depi la, ranpli avèk jwa jiskaske tout vil la te vin boulvèse. Sa se bwi ke nou te tande a.


Men anpil nan prèt yo avèk Levit yo avèk chèf lakay zansèt yo, ansyen granmoun ki te konn wè premye tanp lan, te kriye avèk yon gran vwa lè fondasyon a kay sila a te poze devan zye yo. Anpil nan yo te rele fò avèk jwa,


Alò, lè lènmi a Juda yo avèk Benjamin yo te tande ke moun egzil yo t ap bati yon tanp a SENYÈ a, Bondye Israël la,


Nan jou sa a, yo te ofri gran sakrifis e te rejwi paske Bondye te bay yo gwo lajwa. Fanm yo ak timoun yo tou te rejwi, jiskaske lajwa Jérusalem nan te tande byen lwen.


Men kite tout sila ki pran refij nan Ou yo, fè kè kontan. Kite yo toujou chante ak kè kontan, akoz Ou fè abri pou yo. Kite sila ki renmen non Ou yo kapab fè kè kontan nan Ou.


vwa lajwa a ak vwa kè kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: ‘Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan’; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an,” pale SENYÈ a.


“Nan jou sa yo ak nan lè sa a,” deklare SENYÈ a: “Fis Israël yo va vini, ni yo menm, ni fis a Juda yo tou; yo va avanse ap kriye pandan yo prale e se SENYÈ a, Bondye ke yo va chache a.


‘Se kilès ou ye, O gran montay la? Devan Zorobabel, ou va vin tounen tè pla. Konsa, li va fè vin parèt ak wòch prensipal la, ak gwo kri k ap di: “Gras, gras a li!”’”


Pou sa, yo te bay plas sa non Bokim, epi la, yo te fè sakrifis bay SENYÈ a.


Pandan lach akò SENYÈ a te antre nan kan an, tout Israël te kriye avèk yon gwo kri, jiskaske tè a te vin sone.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite