Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Esdras 10:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Pou sa, tout mesye Juda avèk Benjamin yo te rasanble Jérusalem nan twa jou yo. Se te nan nevyèm mwa a sou ventyèm jou nan mwa a, tout pèp te chita nan plas ouvri devan lakay Bondye a, e yo t ap tranble akoz afè sila a ak gwo lapli a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Nan twa jou vre, ki te ventyèm jou nan nevyèm mwa a, tout gason ki t'ap viv sou pòsyon tè ki te pou branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo te sanble lavil Jerizalèm. Yo rete sou plas piblik ki devan Tanp Bondye a. Yon gwo lapli t'ap tonbe. Tout moun t'ap tranble, yo te frèt, men yo te pè tou paske se te yon gwo zafè.

Gade chapit la Kopi




Esdras 10:9
10 Referans Kwoze  

Alò, Esdras, prèt la, te kanpe epi te di yo: “Nou pa t fidèl e nou te marye avèk fanm etranje yo, ki ogmante koupabilite Israël la.


Alò pou sa a, kite nou fè yon akò avèk Bondye nou an pou mete akote tout fanm yo avèk pitit pa yo, selon konsèy a mèt mwen an, e pou sila ki tranble sou kòmandman Bondye nou yo. Epi kite sa fèt selon lalwa a.


epi ke nenpòt moun ki pa ta vini nan twa jou yo, selon konsèy a chèf pa yo avèk ansyen yo, tout byen li yo va konfiske e li menm ta retire nan asanble moun egzil yo.


Konsa, tout moun ki te tranble sou pawòl Bondye Israël la akoz enfidelite a moun egzil yo, te rasanble kote mwen. Epi mwen te chita dezole nèt jis rive nan ofrann aswè a.


Pou sa, Esther te mennen vè Wa Assuérus nan palè wayal li a nan dezyèm mwa ki nan mwa Tébeth la, nan setyèm ane pouvwa li a.


Men SENYÈ a se vrè Bondye a; Li se Bondye vivan an e Wa etènèl la. Devan kòlè Li, tout latè tranble e nasyon yo p ap ka sipòte gwo kòlè Li a.


Lè Li fè vwa L sone, dlo yo mele nan syèl yo. Li fè nwaj yo monte soti nan dènye pwent tè a. Li fè loray pou lapli, e Li fè van sòti nan depo Li yo.


Alò, wa a te chita nan kay sezon livè a, nan nevyèm mwa a, ak dife ki t ap brile nan recho la devan l.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite