Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Eklezyas 8:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Se kilès ki tankou nonm saj ki konnen sans a yon bagay? Sajès a yon nonm klere li e fè vizaj sevè li a vin briye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Se moun ki gen bon konprann ki konnen jan pou l bay esplikasyon. Lè yon moun gen bon konprann, sa fè kè l kontan, tout pli nan fwon l disparèt.

Gade chapit la Kopi




Eklezyas 8:1
27 Referans Kwoze  

Konsa, yo tout nan konsèy la te fikse zye yo sou li, e yo te wè figi li tankou figi a yon zanj.


yon nasyon, avèk figi fewòs, ki p ap gen respè pou ansyen yo, ni montre favè a jèn yo.


Men konnen sa davans, ke nanpwen pwofesi nan lekriti sen an ki sijè a pwòp entèpretasyon prive.


Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.


E koulye a, Senyè, byen gade menas ke yo fè, e kite sèvitè ki mare ak Ou yo pale pawòl Ou avèk tout konfyans,


Alò, lè yo te wè konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo.


Sajès se devan fas a sila ki gen bon konprann nan; men zye a moun ensanse yo chache jis rive nan tout pwent latè.


“Si gen yon zanj pou ta entèsede pou li, se tankou youn nan yon milye, ki pou ta fè yon moun sonje sa k ap bon pou li,


Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la,


Konsa, Li te transfòme la devan yo. Figi Li te klere tankou solèy la, e vètman li te vin blanch tankou limyè.


Wa a te reponn Daniel. Li te di: “Anverite, Bondye ou a se yon Dye a tout dye yo, yon Senyè a wa yo, e youn ki devwale mistè yo; paske ou te vin gen kapasite pou revele mistè sila a.”


Yon nonm saj byen fò, e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li.


Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk devinèt yo.


Epi yo te di li: “Nou te fè yon rèv, e nanpwen pèsòn pou entèprete li.” Alò, Joseph te di yo: “Èske entèpretasyon yo pa apatyen a Bondye? Di m istwa sa a, souple.”


Konsa, li nesesè pou nou soumèt nou. Sa pa fèt sèlman akoz krent lakòlè a, men osi akoz bon konsyans pa nou.


Moun mechan an afiche yon figi brav; men pou moun ladwati a, chemen li an sèten.


Fis Israël yo te wè figi Moïse, ke po figi li t ap briye. Alò, Moïse te remete vwal la sou figi li jis lè li te vin antre pou pale avèk SENYÈ a.


Yon nonm ap twouve glwa selon entèlijans li; men sila ak panse pèvès la va meprize.


Se Li menm ki revele sekre pwofond yo. Li fè parèt sa ki nan tenèb yo, e se limyè a ki rete avè L.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite