Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Eklezyas 5:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Pa kite pawòl ou yo fè ou fè peche, e pa di nan prezans a mesaje Bondye a ke ou te mal pale. Poukisa Bondye ta dwe vin fache akoz vwa ou, e detwi tout zèv men ou yo?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Pa kite pawòl ki sòti nan bouch ou fè ou fè peche. Apre sa pou ou al di reprezantan Bondye a: O wi, se chape bouch mwen chape. Poukisa pou ou ta fè Bondye fache sou ou? Poukisa pou ou ta fè Bondye detwi travay ou fè ak men ou?

Gade chapit la Kopi




Eklezyas 5:6
23 Referans Kwoze  

zanj ki te rachte mwen de tout mal la, beni jènjan sa yo; epi ke non mwen kapab viv toujou nan yo, e non a zansèt mwen yo, Abraham avèk Isaac. Ke yo kapab grandi vin fè yon gwo pèp nan mitan mond lan.”


Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo, men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.


Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt;


Mwen konnen ke tout sa Bondye fè va dire pou tout tan. Nanpwen anyen pou mete sou li e nanpwen anyen pou retire sou li, paske Bondye te tèlman travay pou lòm ta gen lakrent Li.


“Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Si yon moun peche san movèz entansyon nan nenpòt bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè, e ki fèt pa nenpòt nan yo,


“‘Lè yon dirijan fè peche, e san movèz entansyon vin fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a, Bondye te kòmande pou li pa fè yo, e li vin koupab,


Paske lèv a yon prèt dwe gade konesans, e moun ta dwe chache lalwa soti nan bouch li. Paske li se mesaje a SENYÈ dèzame yo.


“Gade byen, Mwen va voye mesaje Mwen an, e li va netwaye chemen an devan Mwen. Konsa, Senyè a, ke n ap chache a, va vini sibitman nan tanp Li an. Gade byen, mesaje akò a, nan sila nou pran plezi a, L ap vini,” pale SENYÈ Dèzame yo.


Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou tout kongregasyon fis Israël yo, e yo va vin padone; paske se te yon erè, e yo te pote ofrann pa yo, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, ofrann peche pa yo devan SENYÈ a, pou erè a.


Konsa, fanm nan dwe gen yon siyal otorite sou tèt li akoz zanj yo.


Mwen solanèlman chaje ou nan prezans a Bondye, a Kris Jésus e a zanj chwazi Li yo, pou kenbe prensip sa yo san favorize pèsòn, e pa fè anyen nan yon lespri patipri.


Èske tout zanj yo se pa lespri sèvitè, ki te voye eksprè pou rann sèvis pou koz a sila ki va eritye sali yo?


Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.


Paske nou tout tonbe nan plizyè sans. Si yon moun pa tonbe nan sa li di, li menm se yon moun pafè, li kapab kontwole tout kò a menm jan an.


Veye nou menm pou nou pa pèdi sa ke nou gen tan fin reyalize a, men pou nou resevwa tout rekonpans lan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite