Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 9:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Alò, Farawon te voye kote Moïse avèk Aaron, e te di yo: “Mwen te peche fwa sa a. SENYÈ a se sila ki dwat la, epi mwen avèk pèp mwen an se nou ki mechan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo konsa: — Fwa sa a, mwen rekonèt tò mwen. Se Senyè a ki gen rezon. Se mwen menm ak pèp mwen an ki antò.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 9:27
20 Referans Kwoze  

Epi David te di a Nathan: “Mwen te peche kont SENYÈ a.” Nathan te di a David: “SENYÈ a, anplis, te retire peche ou; ou p ap mouri.


Pou sa, chèf Israël yo avèk wa a te imilye yo. Yo te di: “SENYÈ a jis.”


SENYÈ a dwat. Kòd a mechan yo, Li te koupe yo fè bout.


Senyè a dwat nan tout chemen Li yo, e ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.


Senyè a te leve tèt Li pou yo wè; Li te rann jijman an. Nan zèv a pwòp men Li, mechan an kole nan pwòp pèlen li. Tan


Alò, Farawon te fè vit pou rele Moïse avèk Aaron, e li te di: “Mwen te peche kont SENYÈ a Bondye nou an, e kont nou menm.


Alò, pou sa, souple padone peche mwen yo sèlman pou fwa sa a, e fè lapriyè pou mwen bay SENYÈ a, Bondye nou an, pou Li ta sèlman retire lanmò sa a sou mwen.”


Farawon te rele Moïse avèk Aaron. Li te di: “Ale fè sakrifis a Bondye nou an pa anndan peyi a.”


Alò, Farawon te rele Moïse avèk Aaron e te di: “Soupliye SENYÈ a pou Li retire krapo yo sou mwen, ak pèp mwen an, epi mwen va kite pèp la ale pou yo kapab fè sakrifis a SENYÈ a.”


SENYÈ a jis; paske mwen te fè rebèl kont lòd Li. Tande koulye a, tout pèp yo e gade byen doulè m nan. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te antre an kaptivite.


Akoz sa, SENYÈ a te kenbe malè nan men l, e te pote li sou nou. Paske, SENYÈ a, Bondye nou an, dwat nan tout zèv ke Li fè yo, men nou pa t obeyi vwa li.


Konsa, pèp la te vini a Moïse e te di: “Nou te peche, pwiske nou te pale kont SENYÈ a ak ou menm. Entèsede pou nou avèk SENYÈ a, pou Li kapab retire sèpan sa yo sou nou.” Epi Moïse te entèsede pou pèp la.


Balaam te di a zanj SENYÈ a: “Mwen te peche, paske mwen pa t konnen ke ou te kanpe nan chemen an kont mwen. Alò, koulye a, si sa pa fè ou plezi, mwen va vire retounen.”


Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.” Men yo te reponn l: “Kisa sa ye pou nou? Okipe sa ou menm!”


Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo.


Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye.


Konsa, Acan te reponn Josué e te di: “Anverite, mwen te peche kont SENYÈ a, Bondye a tout Israël la; men sa mwen te fè a:


Alò, Saül te di a Samuel: “Mwen te peche; Mwen te vrèman transgrese kòmand SENYÈ a e pawòl a ou menm yo; paske mwen te pè pèp la e mwen te koute vwa pa yo.


Alò li te di: “Mwen te peche; souple, onore mwen koulye a devan ansyen a pèp mwen yo ak devan Israël e retounen avè m, pou m kapab adore SENYÈ a, Bondye ou a.”


Alò Saül te di: “Mwen te peche. Retounen, fis mwen, David. Paske mwen p ap fè ou mal ankò, akoz lavi mwen te presye nan zye ou nan jou sa a. Gade, mwen te jwe wòl a yon enbesil e mwen te fè yon gwo erè.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite