Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 9:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Paske fwa sa a, Mwen va voye tout fleyo Mwen yo sou kè ou, avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a, pou ou kab konnen ke nanpwen lòt tankou Mwen sou tout latè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Paske, fwa sa a, mwen pral voye tout kalite malè mwen konn fè yo sou ou menm menm, sou moun pa ou yo ak sou tout pèp ou a. Konsa, w'a konnen pa gen tankou m sou tout latè.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 9:14
27 Referans Kwoze  

Pou rezon sa a, Ou gran, O Mèt BONDYE; paske nanpwen lòt tankou Ou menm e nanpwen lòt dye sof ke Ou menm, selon tout sa ke nou te tande avèk pwòp zòrèy nou.


nenpòt lapriyè oswa siplikasyon ki fèt pa nenpòt moun, oswa pa tout pèp Israël yo, chak moun ki konnen afliksyon nan pwòp kè pa li, e ki leve men l ouvri vè kay sila a;


O SENYÈ, nanpwen lòt tankou Ou, ni nanpwen okenn Bondye sof ke Ou, selon tout sa ke nou te tande avèk zòrèy nou.


Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè, ni nanpwen zèv tankou pa Ou yo.


Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ? Kilès ki tankou Ou? Kilès ki tankou ou nan majeste ak sentete, etonan nan lwanj, k ap fè mèvèy yo?


Alò li te reponn: “Demen”. Moïse te di: “Selon mo pa w, pou ou kapab konnen ke nanpwen anyen ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an,


Konsa, Aaron te lonje men l sou dlo Égypte yo, e krapo te vin kouvri peyi Égypte la.


“‘Paske si Mwen te deja lonje men M pou frape ou ak pèp ou a avèk epidemi, nou t ap deja disparèt sou latè.


Mwen se SENYÈ a e pa gen lòt. Apa de Mwen menm, pa gen Bondye. Mwen va fòtifye ou, malgre ou pa t rekonèt Mwen;


Sonje ansyen bagay ki pase lontan yo, paske Mwen se Bondye e nanpwen lòt. Mwen se Bondye, epi pa gen tankou Mwen,


Nanpwen moun ki tankou Ou, O SENYÈ. Ou gran! Gran se non Ou an pwisans!


Se kilès ki pa ta krent Ou, O Wa a nasyon yo? Anverite, se sa Ou merite! Paske pami tout moun saj nan nasyon yo, ak nan tout wayòm yo, nanpwen okenn tankou Ou.


Anplis, Mwen va fè vil sa a yon dega, yon objè degoutan k ap fè moun soufle anlè kon koulèv. Tout moun ki pase akote li va vin etone, e sifle anlè akoz tout dezas li yo.


Anplis, li te chase lwen de lòm, kè l te vin transfòme kon kè a bèt, e li te vin rete ak bourik mawon. Yo te fè li manje zèb kon bèf, e kò l te tranpe ak lawouze syèl la jiskaske li te vin rekonèt Bondye Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e ke li mete chèf sou li sila ke Li pito.


“Si menm apre bagay sa yo, nou pa vin obeyi Mwen, alò Mwen va pini nou sèt fwa anplis pou peche nou yo.


‘Si konsa, ou aji ak ostilite kont Mwen, e refize obeyi M, Mwen va ogmante gwo maladi ak dezas yo sèt fwa, selon peche nou yo.


alò, Mwen va aji avèk ostilite ak vanjans kont nou. Mwen va pini nou sèt fwa pou peche nou yo.


Konsa tou, Mwen te frape ou ak yon blesi grav. Mwen te fè ou vin dezole akoz peche ou yo.


‘O SENYÈ BONDYE, Ou te kòmanse montre sèvitè ou a jan Ou gran ak men pwisan Ou. Paske ki dye ki genyen nan syèl la oswa sou tè a, ki kapab fè kalite zèv sa yo, zèv pwisan tankou pa Ou yo?


A nou menm, li te montre ke nou ta kapab konnen ke SENYÈ a, se Bondye; nanpwen lòt sof ke Li menm.


Pou rezon sa a, nan yon jou, fleyo li yo va vini; lapès, lapèn ak gwo grangou. E li va brile avèk dife, paske Senyè Bondye ki jije li a, pwisan.


Mwen temwaye a tout sila ki tande pawòl a pwofesi liv sila a: si yon moun ajoute nan yo, Bondye va ajoute a li menm tout fleyo ki ekri nan liv sila a.


Malè a nou menm! Kilès k ap delivre nou nan men a dye pwisan sa yo? Sila yo se dye ki te frape Ejipsyen yo avèk tout kalite fleyo nan dezè a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite