Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 8:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Nou dwe fè yon vwayaj twa jou nan dezè a, pou fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an, jan Li kòmande nou an.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Se pou nou mache distans twa jou nan dezè a. Se la n'a touye bèt n'ap ofri bay Senyè a, Bondye nou an, jan li te di nou an.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 8:27
8 Referans Kwoze  

Pou sa, bèt nou yo tou ap prale avèk nou. Pa menm youn zago k ap rete dèyè, paske nou va pran kèk nan yo pou sèvi SENYÈ a, Bondye nou an. Epi jiskaske nou rive la, nou menm pa konnen avèk kilès nan yo nou oblije sèvi SENYÈ a.”


Li te di: “Anverite, Mwen va avèk ou. Men sign a ou menm ke se Mwen ki te voye ou; lè ou fin mete pèp la deyò Égypte, ou va adore Bondye sou mòn sila a.”


“Yo va koute sa ke ou di yo a. Konsa, ou menm avèk ansyen an Israël yo va vin kote wa Égypte la, e nou va di li: ‘SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te rankontre ansanm avèk nou. Pou sa, souple, kite nou fè yon vwayaj distans a twa jou nan dezè a, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an.’


“Fè sèten ke ou obsève sa ke Mwen kòmande ou nan jou sa a. Gade byen, Mwen va chase devan ou Amoreyen yo, Kananeyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Evetyen yo, ak Jebisyen yo.


Apre, Moïse avèk Aaron te vin di a Farawon: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘Kite pèp mwen an ale pou yo kapab selebre yon fèt pou Mwen nan dezè a.’”


Yo te di: “Bondye a Ebre yo te reyini avèk nou. Souple, kite nou ale fè yon vwayaj twa jou nan dezè a pou nou kapab fè yon sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an; otreman, Li va vin tonbe sou nou ak gwo maladi, oubyen nepe.”


Alò Nadab avèk Abihu, fis Aaron yo, te pran pwòp plato sann dife pa yo. Lè yo te fin mete dife ladan yo, yo te mete lansan sou li e yo te ofri dife etranj la devan SENYÈ a, ke Li pa t kòmande yo fè.


Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite