Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 8:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje baton ou an e frape pousyè tè a, pou li kapab devni ti mouch fen nan tout vale an Égypte yo.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Senyè a di Moyiz konsa: — Di Arawon lonje baton l lan, frape pousyè tè a. Pousyè a va tounen vèmin nan tout peyi Lejip la.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 8:16
7 Referans Kwoze  

Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje men ou avèk baton ou an sou rivyè yo, sou dlo k ap koule yo, sou ti lak yo, e fè krapo yo vin parèt sou peyi Égypte la.’”


Yo te fè sa; Aaron te lonje men l avèk baton li an, li te frape pousyè tè a, e te vin gen ti mouch fen sou moun, ak sou bèt yo. Tout pousyè tè a te devni ti mouch nan tout peyi Égypte la.


Men lè Farawon te vin wè sa te rezoud, li te fè kè di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.


Majisyen yo te eseye avèk metye maji pa yo pou pwodwi ti mouch fen yo, men yo pa t kapab. Te gen ti mouch yo ni sou moun, ni sou bèt.


Li te pale e te vin rive yon epidemi mouch yo, ak vèmin nan tout teritwa yo.


Epi Mwen te di ou: Kite fis Mwen an ale pou l kapab sèvi M, men ou te refize kite l ale. Gade byen, Mwen va touye fis ou a, premye ne pa w la.’”


Apre, Moïse avèk Aaron te vin di a Farawon: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘Kite pèp mwen an ale pou yo kapab selebre yon fèt pou Mwen nan dezè a.’”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite