Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 8:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Krapo yo va pati kite nou, lakay nou yo ak sèvitè nou yo, ak pèp nou an'. Yo va vin rete sèlman nan larivyè Nil lan.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Krapo yo pral sòti lakay ou, y'a wete kò yo sou ou, sou moun pa ou yo ak sou pèp ou a. Se nan gwo larivyè a ase va gen krapo.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 8:11
7 Referans Kwoze  

SENYÈ a te di a Moïse: “Lè ou retounen an Égypte, fè byen si ke ou fè tout mèvèy yo devan Farawon ke M te bay ou pouvwa fè yo. Men Mwen va fè kè l di pou li pa kite pèp la ale.


Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.


SENYÈ a te di a Moïse: “Kè a Farawon di; li refize kite pèp la ale.


Konsa, Moïse avèk Aaron te sòti devan Farawon, e Moïse te kriye a SENYÈ a, konsènan krapo yo avèk sila li te aflije Farawon yo.


SENYÈ a te fè selon pawòl Moïse la. Krapo yo te mouri nan kay yo, nan lakou yo, ak nan chan yo.


Nil lan va fòmante avèk krapo ki vin monte antre lakay ou, nan chanm dòmi ou, sou kabann ou, nan kay a sèvitè ou, sou pèp ou a, nan fou ou yo, ak nan veso pou fè pen yo.


Moïse te di a Farawon: “Desizyon an se pa w: fè m konnen kilè ou ta vle m soupliye pou ou avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a ke krapo sa yo vin detwi pami nou, ak lakay nou, pou yo kapab vin rete sèlman nan larivyè Nil lan.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite