Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 6:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Mwen te anplis etabli akò Mwen avèk yo, pou bay yo peyi Canaran an, peyi kote yo te rete kon etranje.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Mwen te pase yon kontra ak yo, mwen te pwomèt pou m te ba yo peyi Kanaran an, peyi kote yo te viv tankou etranje a.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 6:4
21 Referans Kwoze  

Ke li kapab osi bay ou benediksyon Abraham nan, pou ou menm, ak pou desandan ou yo osi, ke ou kapab posede peyi kote w ap demere a, ke Bondye te bay a Abraham nan.”


Nan jou sa a, SENYÈ a te fè yon akò avèk Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sa a, depi nan larivyè Égypte la, jis rive nan gran rivyè a, larivyè Euphrate,


Rete pou yon tan nan peyi sa a, Mwen va avèk ou, e Mwen va beni ou, paske a ou menm ak desandan ou yo, Mwen va bay tout peyi sa yo, e Mwen va etabli sèman ke Mwen te sèmante a papa ou a, Abraham.


Men Li pa t ba li yon eritaj ladann, ni menm yon moso tè, men menm lè li pa t gen pitit, Li te pwomèt li ke Li ta ba li sa kòm yon posesyon, e a desandan aprè li yo.


Prete zòrèy nou e vin kote Mwen. Koute pou nou ka viv. Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan, selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.


Sa te fèt lè se te sèlman kèk grenn moun ke yo te ye, pa anpil menm, mele ak moun etranje yo ladann l.


Vrèman, se pa konsa lakay mwen ye avèk Bondye? Paske Li te fè yon akò k ap dire nèt avè m, An lòd nan tout bagay e byen solid. Pou tout sali mwen avèk tout dezi mwen, èske, anverite, Li p ap fè l grandi?


Epi, gade byen, SENYÈ a te kanpe anwo li. Li te di: “Mwen se SENYÈ a, Bondye papa Abraham nan ak Bondye Isaac la. Tè sa kote ou kouche a, Mwen va bay ou li pou ou menm ak desandan ou yo.


“Mwen menm se yon etranje k ap demere pami nou. Ban mwen yon kote pou antèman pami nou pou m kapab antere mò a kote mwen p ap wè li.”


Yon sèvitè ki fèt lakay nou, oswa ki te achte avèk lajan nou va asireman vin sikonsi; konsa akò Mwen va nan chè nou, yon akò pou tout tan.


“Pou Mwen, koute byen, akò Mwen avè ou a. Ou va papa a yon gran kantite nasyon.


Bondye te di Abram: “Konnen byen si ke desandan ou yo va etranje nan yon peyi ki pa pou yo, kote yo va vin esklav, e va oprime pandan kat-san ane.


“Men Mwen va etabli akò Mwen avèk ou. Konsa, ou va antre nan lach la—ou menm avèk fis ou yo, avèk madanm ou yo, madanm a fis ou yo ansanm avèk ou.


SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.” Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a.


“Mwen va miltipliye desandan ou yo tankou zetwal nan syèl la, e va bay tout tè sa yo a desandan ou yo. E nan desandan ou yo, tout nasyon latè yo va beni,


Moïse te di a Hobab, fis a Réuel la, Madyanit lan, bòpè a Moïse la: “Nou ap pati pou kote ke SENYÈ a te di a, ‘Mwen va bannou li.’ Vini avèk nou, e nou va fè ou byen; paske SENYÈ a te pwomèt sa ki bon konsènan Israël.”


Mwen va mennen nou nan peyi ke M te sèmante pou bay a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen va bannou li kòm posesyon. Mwen menm se SENYÈ a.’”


Nan jou sa a, nan mwa Abib la, nou prepare pou nou soti.


Li va fèt ke lè SENYÈ a fè nou antre nan peyi ki pou Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo, Evityen yo, ak Jebisyen yo, peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou, yon peyi k ap koule avèk lèt ak myèl, pou nou kab obsève sèvis sakre sa a nan mwa sa a.


Konsa Li te di: “A ou menm, Mwen va bay peyi Canaan kon pòsyon eritaj ou,”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite