Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 6:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Sa yo se te chèf an tèt yo pou lakay papa yo. Fis Ruben yo, premye ne a Israël la: Hénoc, Pallu, Hetsron avèk Carmi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Men non chèf fanmi pèp Izrayèl yo: Riben, premye pitit Izrayèl la. Se li ki papa Enòk, Palou, Ezwon ak Kami. Se tout fanmi Riben lan sa.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 6:14
17 Referans Kwoze  

Fis a Levi yo: Guerschon, Kehath, ak Merari.


Fis Reuben yo: Hénoc, Pallu, Hetsron, ak Carmi.


Sila yo se te tèt lakay zansèt yo, menm Épher, Jischeï, Éliel, Azriel, Jérémie Hodavia ak Jachrenom; mesye gwo kouraj yo, chèf lakay zansèt pa yo.


fis a Ruben yo, premye ne an Israël la: Hénoc, Pallu, Hetsron ak Carmi.


Fis a Thola yo te Uzzi, Rephaja, Jeriel, Jachmaï, Jibsam ak Samuel, chèf lakay zansèt pa yo a. Fis a Thola yo te mesye gwo kouraj nan jenerasyon pa yo; fòs kantite yo nan jou a David yo te venn-de-mil-sis-san.


Fis Bela yo te senk: Etsbon, Uzzi, Uziel, Jerimoth avèk Iri. Yo te chèf lakay zansèt pa yo, mesye ak gwo kouraj e yo te venn-de-mil-trant-kat anrejistre pa zansèt pa yo.


Men fis a Echud yo, ki te chèf nan fanmi pa yo pami moun Guéba yo e ki te pote an egzil nan Manachath:


Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse avèk Aaron. Li te bay yo yon lòd pou fis Israël yo ak pou Farawon, wa Égypte la pou mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la.


Éléazar, fis Aaron an, te marye ak youn nan fi Puthiel yo, e li te fè Phinées kòm pitit. Sa yo se chèf an tèt Levit yo selon fanmi pa yo.


Yo te reyini tout kongregasyon an ansanm nan premye jou nan dezyèm mwa a. Konsa, yo te fè anrejistreman selon fanmi zansèt pa yo, selon kay papa yo, selon kantite ki te nome yo, soti nan ventan oswa plis, tèt pa tèt.


Fis a Siméon yo selon fanmi pa yo: a Nemeul, fanmi Nemilit yo, a Jamin, fanmi a Jaminit yo; a Jakin, fanmi a Jakinit yo;


Epi Moïse te bay a tribi fis a Ruben yo selon fanmi pa yo.


Lizyè a fis a Ruben yo se te Jourdain an. Sa se te eritaj a fis Ruben yo selon fanmi pa yo, vil ak ti bouk yo.


Alò, sila yo se teritwa ke fis Israël yo te eritye nan peyi Canaran an, ke Éléazar, prèt la ak Josué, fis a Nun nan, ak chèf kay nan tribi a fis Israël yo te divize bay yo kòm eritaj yo,


Sila yo se te eritaj ke Éléazar, prèt la, ak Josué, fis a Nun nan, ak chèf an tèt kay a tribi yo pou fis Israël yo te separe pa tiraj osò nan Silo devan SENYÈ a, nan pòtay tant asanble a. Konsa, yo te fin divize peyi a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite