Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 5:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Alò menm jou a, Farawon te kòmande chèf kòve ki te sou pèp la avèk fòmann pa yo. Li te di yo:

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Menm jou sa a, farawon an rele moun peyi Lejip ki te chèf kòve yo ansanm ak moun pèp Izrayel ki te fòmann yo, li ba yo lòd sa a:

Gade chapit la Kopi




Egzòd 5:6
14 Referans Kwoze  

Fòmann nan fis Israël yo te wè ke yo te gen gwo pwoblèm, paske li te di yo: “Nou pa pou redwi fòs kantite brik pa jou yo.”


Konsa, chèf kòve a pèp yo avèk fòmann pa yo te ale deyò pou te pale avèk pèp la. Li te di: “Konsa pale Farawon: ‘Mwen p ap bannou okenn pay.


Anplis, Ozias te gen yon lame parèt pou batay, ki te antre nan konba a pa divizyon yo selon nimewo pa yo, prepare pa Jeïel, sekretè a, avèk Maaséja, ofisye a, anba direksyon a Hanania, youn nan ofisye wa yo.


A Isaac, Mwen te bay Jacob avèk Ésaü. A Ésaü, Mwen te bay Mòn Séir pou posede l, men Jacob avèk fis li yo te desann an Égypte.


Tout Israël avèk ansyen yo ak ofisye yo ak jij yo te kanpe sou toude kote lach la devan prèt Levit ki te pote lach akò SENYÈ a, etranje kon natif. Mwatye nan yo te kanpe devan Mòn Garizim e mwatye nan yo devan Mòn Ébal, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay kòmand nan oparavan an, pou beni pèp Israël la.


“Nou va chwazi pou nou menm jij avèk ofisye nan tout vil ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou yo, selon tribi yo, e yo va jije pèp la avèk jijman ki dwat.


“Konsa, mwen te pran chèf an tèt tribi nou yo, moun saj avèk eksperyans, e mwen te apwente yo kòm chèf sou nou, dirijan a dè milye, a dè santèn, a dè senkantèn, a dè dizèn ak ofisye pou tribi nou yo.


Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Rasanble pou Mwen swasann-dis nonm ki soti nan ansyen Israël yo, pami sila a ou konnen kòm ansyen a pèp la, ak ofisyèl yo. Mennen yo nan tant asanble a e kite yo vin fè kanpe pa yo ansanm avè w la a.


SENYÈ a te di: “Mwen vrèman te wè soufrans a pèp Mwen an ki an Égypte la, e Mwen te reponn a kri pa yo, akoz sila yo k ap peze yo, paske Mwen konnen soufrans yo.


Konsa, yo te chwazi sipèvizè sou yo pou aji di avèk yo pou fè yo travay pi rèd. Yo te bati pou Farawon vil Pithom avèk Ramsès yo pou konsève sereyal.


Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li; men konpasyon a mechan an se mechanste.


Josué te rasanble tout tribi Israël yo nan Sichem. Li te rele ansyen Israël yo, chèf an tèt pa yo, jij pa yo ak ofisye pa yo. Yo te prezante yo menm devan Bondye.


“Nou p ap bay pèp la pay ankò pou fè brik jan nou te konn fè a. Kite yo ale ranmase pay pou kont yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite