Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 5:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Depi mwen te vin kote Farawon pou pale nan non Ou a, li te fè mechanste a pèp sila a. Ni Ou pa t delivre pèp Ou a ditou.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Depi menm lè mwen te al bò kote farawon an pou m pale avè l pou ou a, se maltrete l'ap maltrete pèp ou a. Epi ou pa fè anyen pou delivre pèp la.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 5:23
9 Referans Kwoze  

Yo te di a Bondye: ‘Kite nou!’, Epi: ‘Kisa Toupwisan an kab fè pou nou?’


Beni se sila ki vini nan non SENYÈ a! Nou te beni Ou depi lakay SENYÈ a.


Konsa, Mwen te desann pou delivre yo anba pouvwa Ejipsyen yo, pou mennen yo monte kite peyi sa a pou rive nan yon bon peyi byen vast, yon peyi k ap koule lèt ak myèl, nan plas kote Kananeyen yo avèk Etyen yo, Amoreyen yo avèk Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo.


SENYÈ a te di a Moïse: “Alò, koulye a ou va wè kisa mwen va fè a Farawon. Paske anba yon men pwisan, li va lage yo, e anba yon men pwisan, li va pouse yo sòti nan peyi li a.”


Pou sa, Senyè BONDYE a di: “Gade byen, Mwen ap poze nan Sion yon wòch, yon wòch eprèv, yon wòch ang prensipal pou fondasyon ki plase byen solid la. Sila ki kwè nan li a, p ap twouble menm.


Akoz sa, SENYÈ a pale selon mesye Anathoth yo, k ap chache lavi ou, k ap di: “Pa pwofetize nan non SENYÈ a, pou ou pa mouri nan men nou”—


“Mwen te vini nan non Papa M, e nou pa resevwa M. “Men si yon lòt vini nan pwòp non pa l, li menm nou va resevwa l.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite