Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 40:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Ou va mete vètman sen yo sou Aaron. Ou va onksyone Aaron, e konsakre li, pou li kapab vin sèvi kòm prèt Mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 W'a mete rad seremoni yo sou Arawon. Lèfini w'a vide lwil sou tèt li. W'a konsakre li pou li ka sèvi mwen prèt.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 40:13
13 Referans Kwoze  

Ou va mete yo sou Aaron, frè ou a, sou fis li yo avèk li, epi ou va vide lwil sou yo pou fè òdonasyon yo e konsakre yo, pou yo kab sèvi Mwen kòm prèt.


Epi ou va pran lwil onksyon an, ou va vide li sou tèt li pou onksyone li.


Ou va mennen fis li yo pou mete tinik sou yo.


Lespri Senyè BONDYE a sou mwen, akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo. Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo, pou pwoklame libète a kaptif yo e delivrans a prizonye yo;


Se sa ki konsakre a Aaron e ki konsakre a fis li yo soti nan ofrann brile bay SENYÈ a, depi jou ke li te prezante yo pou sèvi kòm prèt bay SENYÈ a.


Sa yo SENYÈ a te kòmande pou bay yo sòti nan fis Israël yo nan jou ke li te onksyone yo a. Se dwa yo pou tout tan atravè tout jenerasyon pa yo.


Apre sa, Moïse te fè fis Aaron yo pwoche. Li te abiye yo avèk tinik yo, mare senti yo avèk sentiwon an twal yo e mare kas yo sou yo, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.


E pou koz a yo menm, Mwen vin sen Mwen menm, pou yo menm kapab vin sen nan laverite.


Paske Li menm ke Bondye voye a, pale pawòl a Bondye. Paske Li bay Lespri a san mezi.


Pa volonte sila a, nou vin sanktifye pa ofrann a kò Jésus Kris la yon fwa pou tout.


Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?


Men nou menm gen lonksyon lan ki sòti nan Sila ki Sen an, epi nou tout konnen sa.


Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li enstwi nou nan tout bagay. Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite