Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 4:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 SENYÈ a te di a Moïse: “Lè ou retounen an Égypte, fè byen si ke ou fè tout mèvèy yo devan Farawon ke M te bay ou pouvwa fè yo. Men Mwen va fè kè l di pou li pa kite pèp la ale.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Senyè a di Moyiz konsa: — Kounyeya, ou wè w'ap tounen nan peyi Lejip. Gade byen. Se pou ou fè devan farawon an tout mirak mwen ba ou pouvwa fè yo. Mwen menm, m'ap fè l kenbe tèt avèk ou, li p'ap vle kite pèp la ale.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 4:21
34 Referans Kwoze  

Konsa, L ap fè mizerikòd a sila Li vle a, e l ap fè kè di a sila Li pito a.


Poukisa, O SENYÈ, Ou fè nou egare kite chemen Ou yo? E te fè kè nou di pou nou pa gen lakrent Ou? Pou koz sèvitè Ou yo, tribi a eritaj Ou yo, retounen.


Paske se te volonte SENYÈ a pou yo ta fè kè yo vin di, pou yo te rankontre Israël nan batay, pou Li ta kapab detwi yo nèt, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


“Li te fè zye yo avegle, e te fè kè yo di, sof ke yo wè avèk zye yo, apèsi avèk kè yo, epi vin konvèti, epi Mwen ta geri yo.”


SENYÈ a te andisi kè Farawon, wa Égypte la, e li te kouri dèyè fis Israël yo. Paske se ak gwo kouraj ke Israël te soti.


Kè Farawon te vin di, e li pa t kite fis Israël yo ale, jan SENYÈ a te pale ak Moïse la.


Men SENYÈ a te fè kè Farawon vin di, e li pa t koute yo, jan ke SENYÈ a te di a Moïse la.


Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.


“Pou sa Mwen va lonje men M pou frape Égypte avèk tout zèv etonan ke Mwen va fè nan mitan tout sa. Epi apre sa, li va kite nou ale.


Men SENYÈ a te fè kè Farawon an vin di, e li pa t kite fis Israël yo ale.


“Mwen va fè kè Farawon vin di, e mwen va miltipliye sign ak mèvè mwen yo nan peyi Égypte la.


Rann kè a pèp sa a ensansib, zòrèy yo di e zye yo mal pou wè; otreman, petèt yo ta wè ak zye yo, tande ak zòrèy yo, konprann ak kè yo e retounen pou resevwa gerizon.”


Konsa Mwen va andisi kè Farawon e li va kouri dèyè yo. Epi Mwen va onore pa Farawon avèk tout lame li a, e Ejipsyen yo va vin konnen ke Mwen se SENYÈ a.” Se konsa yo te fè.


Epi: “yon wòch pou fè moun bite e yon wòch ofans.” Yo bite konsa akoz yo dezobeyisan a pawòl la, e se pou move desten sila a, yo te deziye.


Pou youn, yon movèz odè ki soti nan lanmò pou rive nan lanmò, pou lòt la, yon odè ki soti nan lavi pou rive nan lavi. E kilès nan nou ki gen ase de fòs pou bagay sa yo?


Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo.


Li te vire kè yo pou yo rayi pèp Li a, pou yo aji ak gwo mechanste avèk sèvitè Li yo.


SENYÈ a te di li: “Kijan?” Epi li te reponn: “Mwen va sòti deyò pou devni yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt li yo.” Epi Li te di: “Ou gen non sèlman pou sedwi li, men pou vin genyen li nèt. Ale fè sa.”


“Soti nan Aroër ki nan arebò vale Arnon an, epi soti nan vil ki nan vale a, menm pou rive Galaad, pa t gen vil ki te twò wo pou nou. SENYÈ a, Bondye nou an, te livre yo bannou tout.


Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè. Konsa, jou li yo va san-ven-ane.”


Men Farawon te andisi kè l fwa sa a ankò, e li pa t kite pèp la ale.


Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ale vè Farawon, paske Mwen te fè kè l di, ak kè a sèvitè li yo, pou Mwen kapab fè sign sa yo selon Mwen menm pami yo,


Men SENYÈ a te fè kè a Farawon vin di, e li pa t dakò kite yo ale.


Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Farawon p ap koute ou, pou mèvèy Mwen yo kapab vin miltipliye nan peyi Égypte la.”


Moïse avèk Aaron te fè tout mèvèy sa yo devan Farawon; malgre sa, SENYÈ a te fè kè l di, e li pa t kite fis Israël yo sòti deyò peyi li a.


lè Li te akonpli mirak Li yo an Égypte ak mèvèy Li yo nan chan Tsoan an.


Men Mwen konnen ke wa Égypte la p ap kite nou ale, sof ke pa lafòs.


Krapo yo va pati kite nou, lakay nou yo ak sèvitè nou yo, ak pèp nou an'. Yo va vin rete sèlman nan larivyè Nil lan.”


Men lè Farawon te vin wè sa te rezoud, li te fè kè di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.


Pou Mwen, gade byen, Mwen va fè kè Ejipsyen yo di pou yo kouri antre dèyè yo. Konsa, Mwen va jwenn onè sou Farawon an avèk tout lame li ak cha li yo avèk kavalye li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite