Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 39:43 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

43 Epi Moïse te egzamine tout travay la, e gade byen, konsa yo te fè li; jis jan ke SENYÈ a te kòmande a, se sa yo te fè. Epi Moïse te beni yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

43 Moyiz egzaminen travay yo te fè a, li wè yo te fè l jan Senyè a te bay lòd fè l la. Wi, se konsa yo te fè l. Lèfini, Moyiz beni yo.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 39:43
24 Referans Kwoze  

Epi prèt Levit yo te leve pou te beni pèp la. Vwa yo te tande, e lapriyè yo te rive nan lye sen Li an, menm nan syèl la.


Konsa, wa a te vire tounen e te beni tout asanble Israël la pandan tout asanble Israël la te kanpe.


Lè David te fin ofri ofrann brile avèk ofrann lapè yo, li te beni pèp la nan non SENYÈ dèzame a.


Kite glwa SENYÈ a dire jis pou tout tan. Kite SENYÈ a rejwi nan zèv Li yo.


Konsa, wa a te vire fas li pou te beni tout asanble Israël la pandan tout asanble a te kanpe.


Epi Josué te beni yo. Li te voye yo ale, e yo te ale nan pwòp tant pa yo.


Li te beni li, e te di: “Beni, se Abram a Bondye Pi Wo a, Mèt Syèl la ak tè a.


Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.


Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a resevwa avètisman pou fè atansyon. Pou sila ki kenbe yo, gen gran rekonpans.


Pèp la te beni tout mesye ki te pa volonte yo, vin rete Jérusalem yo.


Lè David te fin fè ofrann brile ak ofrann lapè a, li te beni pèp la nan non a SENYÈ a.


Li te limen lap yo devan SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Alò, fis Israël yo te fè tout travay la selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo.


Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:


Konsa, mwen te ale kache li akote Rivyè Euphrate la, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.


Alò, Moïse avèk Aaron te fè jan SENYÈ a te mande yo a; se te konsa yo te Fè l.


Alò, fis Israël yo te ale fè sa, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an, konsa yo te fè.


Selon tout sa ke M gen pou montre nou, kòm modèl tabènak la, ak patwon tout mèb li yo, se konsa ojis ke nou va konstwi li.


“Alò, nou va gen sa kòm yon règleman pou tout tan, pou fè ekspiyasyon pou fis Israël yo pou tout peche pa yo, yon fwa chak ane.” Epi jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa sa te fèt.


Alò, a mwatye tribi sila ki te pou Manassé a, Moïse te ba yo yon posesyon nan Basan; men a lòt la, Josué te ba yo yon posesyon pami frè yo nan lwès lòtbò Jourdain an. Konsa, lè Josué te voye yo ale nan tant yo, li te beni yo,


Nan onzyèm ane a, nan mwa Bul la, ki se uityèm mwa a, kay la te fini nan tout pati li e selon plan pa li a. Konsa, li te bati pandan sèt ane.


Li te kanpe e te beni tout asanble Israël la avèk yon gwo vwa. Li te di:


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite