Egzòd 39:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen13 epi nan katriyèm ranje a, yon krizolit, yon oniks, avèk yon jasp. Yo te plase yo nan monti lò byen fen lè yo te monte. Gade chapit la1998 Haïtienne13 Nan katriyèm ranje a, yo mete yon pyè krizolit, yon pyè oniks ak yon pyè jasp. Yo te moute chak pyè sou yon moso lò. Gade chapit la |
Alò, avèk tout kapasite mwen, mwen te fè pwovizyon pou lakay Bondye mwen a; lò, pou bagay fèt an lò yo, ajan pou bagay fèt an ajan yo, bwonz pou bagay fèt an bwonz yo, fè pou bagay fèt an fè yo, bwa pou bagay fèt an bwa yo, pyè oniks pou bagay fèt an pyè oniks yo, pyè byen prezante, pyè briyan avèk anpil koulè ak tout kalite pyè presye avèk mab blan an gran kantite.