Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 36:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 “Koulye a, Betsaléel, Oholiab, ak chak mèt atizan nan sila SENYÈ a te mete kapasite avèk konprann pou konnen jan pou fè tout travay yo pou konstwi sanktyè a, va aji an akò avèk tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout moun ki gen konprann, tout moun Senyè a te bay ladrès ak konesans pou yo ka fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a, se pou yo fè tout bagay jan Senyè a te bay lòd la.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 36:1
19 Referans Kwoze  

Li te fis a yon vèv soti nan tribi Nephtali e papa li te yon moun Tyr, yon travayè nan bwonz. Li te ranpli avèk sajès avèk konprann ak kapasite pou fè nenpòt kalite èv an bwonz. Konsa li te vini a Wa Salomon pou te fè tout travay li yo.


Hur te fè Uri e Uri te fè Betsaleel.


Alò, gade byen, men divizyon a prèt yo avèk Levit yo pou tout sèvis lakay Bondye yo e tout mesye avèk kapasite yo va avèk ou nan travay la pou tout kalite sèvis yo. Anplis, ofisye yo avèk tout pèp la va disponib nèt sou lòd pa ou.”


Konsa, mwen p ap vin desi lè m gade kòmandman Ou yo.


Alò, fis Israël yo te ale fè sa, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an, konsa yo te fè.


“Kite yo konstwi yon sanktyè pou Mwen, pou Mwen kapab rete pami yo.


Ou va pale avèk tout moun ki kapab yo, sa yo ke M te bay yon lespri sajès, pou fè vètman Aaron yo pou konsakre li, pou li kapab sèvi Mwen kòm prèt.


lwil onksyon an osi, ak lansan santi bon pou lye sen an. Yo va fèt selon tout sa ke M te kòmande ou yo.”


Konsa, Moïse te rele Betsaléel avèk Oholiab e chak mèt kapasite nan sila SENYÈ a te mete konesans, chak moun ki te mennen pa kè li pou vin nan travay la pou fè li.


Avèk li te gen Oholiab, fis a Ahisamac la, nan tribi Dan nan, yon gravè, yon mèt ouvriye, yon tiseran an materyo ble, mov, wouj, ak osi an twal fen blan.


Anplis, avèk materyo ble, mov, e wouj, yo te fè vètman tise byen fen pou fè sèvis nan lye sen an, menm jan avèk vètman sen ki te pou Aaron yo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Men li pa t bay a fis Kehath yo akoz sèvis pa yo se te sèvis bagay sen ke yo te pote sou zepòl yo.


Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”


Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a.


Pou Li aji kòm sèvitè nan sanktyè a, ak nan vrè tabènak la ke Senyè a, olye lòm te fè leve.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite