Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 32:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 Konsa, SENYÈ a te frape pèp la akoz sa yo te fè avèk jèn towo ke Aaron te fè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

35 Senyè a te voye yon maladi sou pèp la pou pini l, paske yo te fòse Arawon fè estati yon ti bèf pou yo.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 32:35
10 Referans Kwoze  

Nan tan sa a yo te fè yon jenn bèf. Yo te pote yon sakrifis pou zidòl la, e yo t ap rejwi yo nan zèv a pwòp men yo.


“Alò mesye sila te vin achte yon chan avèk pri mechanste li a; e te tonbe tèt devan; vant li te fann e zantray li te vide sòti.


Alò, lè Moïse te wè ke pèp la te pèdi kontwòl nèt—paske Aaron te kite yo pèdi kontwòl pou yo te kapab devni yon rizib pami lènmi yo—


Li te pran yo nan men yo; li te fè desen li avèk yon zouti pou grave, e li te fonn li pou fè yon jèn towo. Konsa yo te di: “Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou sòti nan peyi Égypte la.”


Men SENYÈ a te frape Farawon avèk gwo malè yo akoz Saraï, madanm Abram nan.


“Mwen te di yo: ‘Nenpòt moun ki gen nenpòt lò, ke yo chire retire li.’ Alò, yo te ban mwen li, mwen te jete li nan dife a, e ti towo sa a te parèt.”


Konsa, fis a Levi yo te fè sa ke Moïse te enstwi yo a, e anviwon twa-mil moun nan pèp la te tonbe nan jou sa a.


Sila ki te mouri yo akoz gwo epidemi an se te venn-kat-mil (24,000).


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite