Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 32:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Alò, Moïse te retounen vè Bondye, e te di: “Elas, pèp sa a komèt yon gwo peche. Yo te gen tan fè yon dye an lò pou yo menm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

31 Moyiz tounen bò kote Senyè a. Li di l: — Ou wè gwosè peche pèp la fè. Yo fè yon estati an lò pou sèvi yo bondye.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 32:31
12 Referans Kwoze  

Nou pa pou fè lòt dye apati de Mwen menm; dye an ajan, ni dye an lò, nou pa pou fè yo pou nou menm.


Anverite tout Israël te transgrese lalwa Ou a, te vire akote e pa t obeyi vwa Ou. Konsa, malediksyon te vide sou nou, ansanm ak sèman ki ekri nan lalwa Moïse, sèvitè Bondye a, paske nou te peche kont Li.


O Senyè, gwo wont ak twoub byen klè se akoz nou, ak wa nou yo, prens nou yo, ak papa zansèt nou yo, akoz yo te peche kont Ou.


Nan jou pwochen a, Moïse te di a pèp la: “Nou pou kont nou te komèt yon gwo peche. Koulye a mwen ap monte vè SENYÈ a. Petèt mwen kapab twouve padon pou peche nou yo.”


nou te peche; nou te komèt inikite. Nou te aji ak mechanste e nou te fè rebèl, jiskaske nou vire kite kòmandman Ou yo ak règleman Ou yo.


Sepandan, Ou jis nan tout sa ki vin rive nou; paske Ou te aji avèk fidelite, men nou te aji mal.


O SENYÈ a, Bondye Israël la, Ou dwat, paske yon retay ki chape te rete pou nou nan jou sa a. Men vwala, nou devan Ou nan koupabilite nou yo, e pèsòn pa kapab kanpe devan Ou akoz sa.”


Li te la avèk SENYÈ a pandan karant jou ak karant nwit. Li pa t manje pen, ni bwè dlo. Konsa, li te ekri sou tablo yo avèk pawòl akò yo, dis kòmandman yo.


“Ou pa pou fè pou kont ou, yon zidòl, ni okenn imaj sou sa ki nan syèl la anwo, ni sou latè anba, ni nan dlo anba tè a.


Menm lè yo te fè pou kont yo yon ti bèf an metal fonn, yo te di: ‘Sa se Bondye nou, ki te mennen nou monte soti an Egypte la’, epi te fè gran blasfèm,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite