Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 32:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Alò, Moïse te vin kanpe nan pòtay kan an, e li te di: “Nenpòt moun ki pou SENYÈ a vin kote mwen!” Epi tout fis Levi yo te rasanble kote li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Moyiz kanpe nan pòtay lakou kan an, li pale byen fò, li di: — Tout moun ki pou Senyè a, vin jwenn mwen. Se konsa tout pitit Levi yo vin jwenn li.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 32:26
8 Referans Kwoze  

Alò, akote li, te kanpe youn nan jennonm a Joab yo, ki te di: “Nenpòt moun ki pou Joab e nenpòt moun ki pou David, kite li swiv Joab.”


Jéhu te leve figi li vè fenèt la e te di: “Se kilès ki pou mwen? Kilès?” Konsa, de oswa twa linik ren nan te gade anba kote li.


Se kilès ki va kanpe pou mwen kont malfektè yo? Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont sila ki fè mechanste yo?


Alò, lè Moïse te wè ke pèp la te pèdi kontwòl nèt—paske Aaron te kite yo pèdi kontwòl pou yo te kapab devni yon rizib pami lènmi yo—


Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, chak moun nan nou mete nepe nou sou kwis nou. Ale tout kote pòtay sou pòtay nan kan an, e chak touye frè nou, chak zanmi nou, chak vwazen nou.”


“Sila ki pa pou Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa ranmase avè M nan ap gaye.


Li te di de papa l avèk manman l: “Mwen pa t wè li.” Li pa t rekonèt pwòp frè pa li, ni fis li yo pwiske yo te swiv pawòl Ou e te kenbe akò Ou.


Alò, li te rive ke lè Josué te toupre Jéricho, li te leve zye li anwo e te gade, vwala, yon nonm te kanpe anfas li avèk nepe li rale nan men l. Josué te pwoche l, e li te di li: “Èske ou pou nou oswa kont nou?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite