Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 30:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Ou va fè de wondèl an lò pou li anba bòdi li. Ou va fè yo sou de fas kote, ki opoze yo, e yo va soutyen pou poto ki sèvi pou pote li yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 W'a fè de bag an lò, w'a tache yo anba bòdi a sou de bò lotèl la. Se nan bag sa yo w'a pase manch ki pou sèvi pou pote lotèl la.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 30:4
8 Referans Kwoze  

Ou va fonde kat gwo wondèl pou li, e tache yo nan kat pye li yo, epi de wondèl va yon kote, e de wondèl yon lòt kote.


Ou va mete poto yo pase anndan wondèl yo sou kote lach la, e pote lach la avèk yo.


Wondèl yo va toupre rebò a kòm soutyen k ap resevwa poto k ap pote tab la.


Ou va kouvri planch yo avèk lò e fè wondèl yo avèk lò tankou soutyen pou travès yo. Epi ou va kouvri poto yo avèk lò.


Ou va fè pou li yon griyaj, yon èv trese an bronz. Epi nan très yo ou va fè kat wondèl an bwonz nan kat kwen li yo.


Poto yo va fonse antre nan wondèl yo, pou poto yo kab rive sou de kote lotèl la lè li pote.


Ou va kouvri li avèk yon kouch fen an lò; tèt li e akote li, toupatou ansanm avèk kòn li yo; epi ou va fè yon bòdi lò pou antoure li nèt.


Ou va fè poto yo avèk bwa akasya e kouvri yo avèk lò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite