Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 30:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 “Anplis, ou va fè yon lotèl kòm yon plas pou brile lansan. Ou va fè li avèk bwa akasya.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 W'a fè yon lotèl an bwa zakasya pou boule lansan.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 30:1
21 Referans Kwoze  

Yon lòt zanj te vin kanpe devan lotèl la. Li te kenbe yon lansanswa an lò. Anpil lansan te bay a li menm pou l ta kab ajoute sou lapriyè a tout sen ki te sou lotèl an lò ki te devan twòn nan.


Prèt la va osi mete kèk nan san an sou kòn lotèl lansan santi bon a ki devan SENYÈ a nan tant asanble a, epi tout san towo a, li va vide li nan baz lotèl ofrann brile ki nan pòtay tant asanble a.


“Anplis, ou va plase lotèl lò a pou lansan devan lach temwayaj la, e ou va monte vwal la pou pòtay tabènak tant reyinyon an.


Men lè l te vin fò, kè li te vin plen ògèy. Li te aji konwonpi. Li pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye li a, paske li te antre nan tanp SENYÈ a pou brile lansan sou lotèl lansan an.


Sanktyè enteryè a te ven koude nan longè, ven koude nan lajè ak ven koude nan wotè. Li te kouvri li nèt avèk lò pi. Li te kouvri lotèl la avèk sèd.


Li va mete kèk nan san sou kòn lotèl ki devan SENYÈ a nan tant asanble a; epi rès san li va vide nan baz lotèl ofrann brile ki nan pòtay tant asanble a.


Aaron va fè ekspyasyon sou kòn li yo yon fwa pa ane. Li va fè ekspyasyon sou li avèk san ofrann peche ki pou ekspyasyon an yon fwa pa ane pandan tout jenerasyon nou yo. Li pi sen pase tout bagay bay SENYÈ a.”


Li gen yon lotèl an lò pou lansan an, ak lach akò a ki kouvri nan tout kote avèk lò. Ladann te gen yon vaz an lò ki gen lamàn nan, ak baton Aaron an ki te boujonnen, ak tablèt akò yo.


Longè li va yon koude, e lajè li va yon koude. Li va kare, e wotè li va de koude. Kòn li yo va fèt tankou yon sèl pyès ansanm avèk li.


epi lotèl lansan an ak poto pa li, lwil onksyon an avèk lansan santi bon an, ak rido pòtay nan antre tabènak la;


Alò, devwa pa yo se te lach la, tab la, chandelye a, lotèl yo, tout zouti pou sèvis sanktyè a, rido a, ak tout sèvis ki fèt avèk yo.


Li te kouvri tout kay la avèk lò jiskaske tout kay la te fini. Osi, tout lotèl ki te akote sanktyè enteryè li a te kouvri avèk lò.


Salomon te fè tout mèb ki te lakay SENYÈ a: lotèl an lò, tab an lò, sou sila pen a Prezans lan te ye a;


Men Aaron avèk fis li yo te lofri sou lotèl ofrann brile a ak sou lotèl lansan an, pou tout zèv kote ki pi sen pase tout lòt yo a e pou fè ekspiyasyon pou Israël, selon tout sa ke Moïse, sèvitè Bondye a, te òdone.


epi pou lotèl lansan an lò rafine pa pwa; epi lò pou modèl a cha a, menm cheriben ki te ouvri zèl yo pou te kouvri lach akò SENYÈ a.


Lotèl la te fèt an bwa, twa koude nan wotè e longè a, de koude. Kwen li yo, baz li e akote li yo te an bwa. Epi li te di mwen: “Sa se tab ki devan SENYÈ a.”


tab la osi avèk tout bagay itil li yo, chandelye an lò pi avèk tout bagay itil li yo, ak lotèl lansan an,


epi lotèl fèt an lò a, lwil onksyon an, lansan santi bon an, ak vwal pou pòtay tant lan;


Sou lotèl an lò a, yo va mete yon twal ble. Yo va kouvri li avèk yon kouvèti po dofen, e yo va fè pase antre poto li yo nan wondèl yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite