Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 3:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Li te di: “Pa vin pre isit la. Retire sapat nan pye ou, paske plas kote ou kanpe a se tè sen.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Bondye di: — Rete kote ou ye a. Pa pwoche. Wete sapat nan pye ou. Paske kote ou kanpe a, se yon tè ki apa.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 3:5
12 Referans Kwoze  

Kapitèn a lame SENYÈ a te di a Josué: “Retire sapat ou nan pye ou, paske plas kote ou kanpe a sen.” Epi Josué te fè l.


“Men SENYÈ a te di l: ‘Retire sapat nan pye ou, paske lye kote ou kanpe a se tè sen.


“Ou va fè bòn limit pou pèp toutotou yo. Ou va di yo: ‘Gade byen pou nou pa monte sou mòn nan, ni touche rebò li. Nenpòt moun ki touche mòn nan va anverite mete a lanmò.


Veye pa ou yo pandan w ap desann lakay Bondye a, e vin toupre pou koute olye ofri sakrifis a moun ensanse yo. Paske yo pa konnen ke se mal y ap fè.


Paske yo pa t kapab sipòte dekrè lan: “Menm si yon bèt touche mòn nan, li va lapide ak kout wòch.”


SENYÈ a te pale ak Moïse: “Ale desann avèti pèp la pou yo pa pase antre vè SENYÈ a pou wè; konsa, pou anpil nan yo ta vin mouri.


Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di: ‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwoch Mwen yo, e devan tout pèp la Mwen va onore.’” Konsa, Aaron te gade silans.


Epi nou menm te tande pawòl sa yo, fèt depi nan syèl la, lè nou te avèk Li sou mòn sen an.


Akoz SENYÈ a, Bondye nou an, mache nan mitan kan nou yo pou delivre nou, e venk lènmi nou yo devan nou; pou sa, fòk kan nou yo sen. Fòk Li pa wè anyen ki pa pwòp pami nou; oswa, Li va vire kite nou.


Chèf pa yo va youn nan yo, e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo. Mwen va mennen li toupre, e li va vin toupre Mwen; paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?” deklare SENYÈ a.


Moïse te di Aaron tout pawòl ke SENYÈ a te voye avèk li a, ak tout sign ke Li te bay li lòd fè yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite