Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 3:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Pou sa, vin koulye a, e Mwen va voye ou kote Farawon, pou ou kapab mennen fis Israël yo soti an Égypte.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Kounyeya, ale! Se mwen menm k'ap voye ou bò kote farawon an. Fè pèp mwen an sòti nan peyi Lejip. Wi, fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi sa a.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 3:10
20 Referans Kwoze  

Bondye te di Abram: “Konnen byen si ke desandan ou yo va etranje nan yon peyi ki pa pou yo, kote yo va vin esklav, e va oprime pandan kat-san ane.


Men mwen va osi jije nasyon ke yo va sèvi a, e apre yo va sòti deyò avèk anpil byen.


Li te voye Moïse, sèvitè Li a, avèk Aaron ke Li te chwazi.


Ou te dirije pèp Ou a tankou yon bann, pa men Moïse avèk Aaron.


Alò tan ke fis Israël yo te pase an Égypte la te kat-san-trant ane.


Nan fen kat-san-trant ane yo, jis rive nan jou a menm, tout lame SENYÈ a te sòti an Égypte.


Alò, Moïse te di a SENYÈ a: “Ou wè, Ou di mwen, ‘Monte avèk pèp sa a, men Ou menm ou pa kite m konnen kilès Ou va voye avèk mwen.’ Anplis, Ou te di m: ‘Mwen te konnen ou pa non Ou, e ou osi twouve favè nan zye M.’


Alò, pou sa, mwen priye Ou, si mwen twouve favè nan zye Ou, kite mwen konnen chemen pa Ou yo, pou m kapab konnen Ou, pou m kab jwenn favè nan zye Ou. Konsidere tou, ke nasyon sila a se pèp pa Ou.”


Se tout sa yo ke Senyè te pale lè l te di Aaron avèk Moïse: “Mennen fis Israël yo deyò nan peyi Égypte la selon chèf lame pa yo.”


Epi pa yon pwofèt, SENYÈ a te mennen Israël sòti an Égypte. Pa yon pwofèt, li te vin prezève.


Anverite Mwen te mennen nou monte soti nan peyi Égypte. Mwen te rachte ou soti nan kay esklavaj la. Mwen te voye devan ou Moïse, Aaron ak Marie.”


Mwen anverite wè soufrans pèp Mwen an an Égypte e tande plent yo, e Mwen gen tan vini desann pou delivre yo. Vini koulye a e Mwen va voye ou an Égypte.’


Mesye sila a te mennen yo sòti, e te fè mèvèy ak sign nan peyi Égypte, ak nan Lamè Wouj, epi pandan karant ane nan dezè a.


Men Bondye te pale konsa: Ke desandan li yo ta etranje nan yon peyi etranje, pou yo ta nan esklavaj e maltrete pandan kat-san lane.


“Epi nenpòt nasyon ki ta mete yo nan esklavaj, Bondye te di: ‘Mwen Menm, Mwen va jije’, epi apre sa, yo va sòti la pou sèvi Mwen nan plas sila a.”


SENYÈ a te gade li e te di: “Ale ak sa ki pwòp fòs ou, e delivre Israël nan men Madyanit yo. Èske se pa Mwen ki voye ou?”


Epi Samuel te di a pèp la: “Li se SENYÈ a ki te chwazi Moïse avèk Aaron, e ki te mennen zansèt nou yo monte soti nan peyi Égypte la.


“Lè Jacob te antre an Égypte, zansèt nou yo te kriye fò a SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te voye Moïse avèk Aaron ki te mennen zansèt nou yo sòti an Égypte, e Li te fè yo vin rete nan plas sa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite