Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 29:44 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

44 Mwen va konsakre tant reyinyon an ak lotèl la. Mwen va osi konsakre Aaron ak fis li yo pou sèvi kòm prèt pou Mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

44 M'ap mete Tant Randevou a apa pou sèvis mwen. M'ap fè menm bagay la tou pou lotèl la. M'ap mete Arawon ak pitit gason l yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m prèt.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 29:44
8 Referans Kwoze  

Li pa pou degrade desandan li yo pami pwòp pèp li a, paske Mwen se SENYÈ ki fè li sen an.’”


èske ou di a Li menm, Sila a ke Papa a te fè sen, epi voye nan lemonn nan: ‘W ap blasfeme’ akoz Mwen di ke Mwen menm se Fis Bondye a?


epi konsa, fè yo pote pinisyon pou koupabilite akoz manje nan kado sen pa yo; paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’”


“‘Konsa, yo va kenbe lòd Mwen, pou yo pa pote peche akoz li, e mouri konsa si yo souye li. Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.


“Mwen va reyini la avèk fis Israël yo, e li va vin konsakre akoz glwa Mwen.


“Mwen va vin rete pami fis Israël yo e Mwen va Bondye pa yo.


SENYÈ a te di li: “Mwen fin tande priyè ou ak siplikasyon ke ou te fè devan M nan. Mwen te konsakre kay sa a ke ou te bati nan mete non Mwen la pou tout tan. Zye Mwen avèk kè Mwen va la pou tout tan ale nèt.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite