Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 29:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 “Chak jou ou va ofri yon towo kòm ofrann ekspyasyon pou peche. Ou va pirifye lotèl la lè ou fè ekspyasyon pou li. E ou va onksyone li pou l kab vin konsakre.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

36 Chak jou, w'a ofri yon towo bèf, w'a touye l pou mande Bondye padon pou peche yo fè san yo pa konnen. Avèk ofrann bèt sa a w'ap fè pou peche a, w'a mete lotèl la nan kondisyon pou l sèvi nan sèvis Bondye. Lèfini, w'a vide lwil sou li, w'a mete l apa pou sèvis Bondye.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 29:36
14 Referans Kwoze  

“Avèk li ou va onksyone tant reyinyon an ak lach temwayaj la,


‘Ou va pran kèk nan san li, mete li sou kat kòn yo, sou kat kwen ankadreman an ak toutotou arebò a. Konsa, ou va fè l vin pwòp e fè ekspiyasyon pou li.


“‘Pandan sèt jou, ou va prepare chak jou yon kabrit kon ofrann peche; anplis, yon jenn towo ak yon belye san defo ki soti nan bann mouton an, va vin prepare.


Lè yo fin konplete nonb de jou yo, li va rive ke nan uityèm jou a e kontinye, prèt yo va ofri ofrann brile pa nou an sou otèl la ak ofrann lapè nou yo. Konsa, Mwen va aksepte nou,’ deklare Senyè BONDYE a.’”


Men towo ofrann peche a ak kabrit ofrann peche a, san sila li te mennen antre pou fè ekspiyasyon nan lye sen an, va vin pote deyò lavil la. Li va brile po yo, chè yo, avèk poupou yo nan dife.


Alò nan jou ke Moïse te fin monte tabènak la, li te onksyone li, e li te konsakre li avèk tout zouti li yo, ak lotèl la, avèk tout zouti li yo. Li te onksyone yo e li te konsakre yo.


Chak prèt kanpe chak jou pou fè ministè li e l ofri, tan apre tan, menm sakrifis yo, ki pa janm kapab efase peche yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite