Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 29:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Ou va pran kèk nan san towo a, e ou va mete sou kòn lotèl la avèk dwèt ou; epi ou va vide tout san an nan baz lotèl la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 W'a tranpe dwèt ou nan san towo a. W'a mete ti degout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, w'a vide tout rès san an atè nan pye lotèl la.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 29:12
18 Referans Kwoze  

Ou va fè kòn li yo sou kat kwen. Kòn li yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li, epi ou va vin kouvri li avèk bwonz.


Ou va touye towo a devan SENYÈ a nan pòtay tant reyinyon an.


Longè li va yon koude, e lajè li va yon koude. Li va kare, e wotè li va de koude. Kòn li yo va fèt tankou yon sèl pyès ansanm avèk li.


Li te fè kòn li sou kat kwen yo. Kòn li yo te yon sèl pyès avèk li, e li te kouvri li avèk bwonz.


Anplis, li va pran kèk nan san towo a e li va flite li avèk dwèt li sou twòn pwopiyatwa sou kote lès la; anplis, pa devan nan twòn pwopiyatwa a, li va flite kèk nan san an avèk dwèt li sèt fwa.


Li va mete kèk nan san sou kòn lotèl ki devan SENYÈ a nan tant asanble a; epi rès san li va vide nan baz lotèl ofrann brile ki nan pòtay tant asanble a.


Answit, prèt la dwe pran kèk nan san ofrann peche a avèk dwèt li e mete li sou kòn lotèl pou ofrann brile a. Konsa, rès san li an, prèt la va vide nan baz lotèl ofrann brile a.


Prèt la va pran kèk nan san li an avèk dwèt li, e li va mete li sou kòn lotèl ofrann brile a; epi tout rès san li an, prèt la va vide l nan baz lotèl la.


Prèt la dwe pran kèk nan san ofrann peche a avèk dwèt li e mete li sou kòn lotèl ofrann brile a, epi tout rès san li an, prèt la va vide li nan baz lotèl la.


Prèt la va osi mete kèk nan san an sou kòn lotèl lansan santi bon a ki devan SENYÈ a nan tant asanble a, epi tout san towo a, li va vide li nan baz lotèl ofrann brile ki nan pòtay tant asanble a.


Li va osi flite kèk nan san ofrann peche a sou kote lotèl la, e rès san an va koule degoute nan baz lotèl la. Li se yon ofrann peche.


Apre sa, Moïse te touye li. Li te pran san an avèk dwèt li, li te mete kèk nan li toupatou sou kòn lotèl la, e te pirifye lotèl la. Rès san an, li te vide li nan baz lotèl la, e li te konsakre li pou fè ekspiyasyon pou li.


Fis Aaron yo te prezante san an ba li. Li te fonse dwèt li nan san an, li te mete kèk sou kòn lotèl la, e li te vide rès san an nan baz lotèl la.


Paske se enposib pou san towo ak kabrit efase peche.


Epi selon Lalwa, se prèske tout bagay ki netwaye avèk san, e san vèsman san, nanpwen padon.


Lè Jèn Mouton an te kase senkyèm so a, mwen te wè anba lotèl la nanm a sila yo yo te touye akoz de pawòl Bondye a, e akoz de temwayaj ke yo te kenbe a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite