Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 29:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 “Konsa, ou va mennen towo a devan tant reyinyon an, e Aaron avèk fis li yo va poze men yo sou tèt towo a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Mennen towo bèf la devan Tant Randevou a. Arawon ak pitit gason l yo va mete men yo sou tèt li.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 29:10
13 Referans Kwoze  

Ou va touye towo a devan SENYÈ a nan pòtay tant reyinyon an.


“Ou va anplis pran belye sa a, e Aaron avèk fis li yo va poze men yo sou tèt belye a.


“Alò ou va pran lòt belye a, e Aaron avèk fis li yo va poze men yo sou tèt belye a.


Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo. Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou, men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.


Lè ou fin netwaye li, ou va prezante yon jenn towo san defo ak yon belye san defo ki soti nan bann mouton an.


Li va poze men li sou tèt ofrann brile a, e ofrann la va aksepte pou li, pou fè ekspiyasyon pou li.


Alò, Aaron va poze de men li sou tèt kabrit vivan an, e li va konfese sou li tout inikite a fis Israël yo, tout transgresyon pa yo selon tout peche yo. Li va poze yo sou tèt kabrit la e li va voye li nan dezè a pa men yon moun ki prepare pou sa.


Li va mete men li sou tèt ofrann li an, e touye li nan pòtay tant asanble a. Epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toupatou sou lotèl la.


“‘Li va pote towo a nan pòtay tant asanble a devan SENYÈ a. Li va poze men l sou tèt towo a e touye li devan SENYÈ a.


Answit, li te pote towo ofrann peche a, e Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt towo ofrann peche a.


Alò, li te prezante belye ofrann brile a. Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt belye a.


“Alò, Levit yo va poze men yo sou tèt a towo yo, epi ou va ofri youn kòm yon ofrann peche, e lòt la kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a pou fè ekspiyasyon pou Levit yo.


Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite