Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 28:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 “Yo va osi fè efòd la avèk lò, avèk twal ble, mov, wouj, ak twal fen blanc ki byen tòde, travay a yon mèt ouvriye byen prepare.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Y'a fè jile a ak lò ak twal siperyè koulè ble, vyolèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. Y'a fè bèl bodri byen fèt sou li.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 28:6
11 Referans Kwoze  

Twal nan koulè ble, mov, ak wouj, avèk twal fen blan, pwal kabrit,


pyè oniks ak pyè baz bijou pou efòd la, e pou pyès vètman lestomak la.


“Anplis de sa, ou va fè tabènak la avèk dis rido an twal len fen ki tòde avèk twal ble, mov, ak wouj, ak cheriben yo. Yo gen pou fèt pa yon mèt ouvriye ak gwo kapasite.


Li va gen de pyès zepòl ki jwenn nan pwent li yo, pou li kapab jwenn ansanm.


Ou va pran vètman yo. Ou va mete sou Aaron tinik lan avèk manto efòd la, efòd avèk pyès lestomak la, e ou va mare senti li avèk bann trese byen fen ki sou efòd la.


Paske, fis Israël yo va rete pandan anpil jou san wa ni prens, san sakrifis, ni pilye sakre, san efòd e san zidòl lakay yo.


Li te mete yon tinik sou li, mare senti li avèk yon sentiwon an twal, abiye li avèk yon manto, mete efòd la sou li; epi li te tache ban atistik efòd la e mare l sou li.


Gédéon te sèvi l pou fòme yon efòd, li te plase li nan vil pa li a, Ophra e tout Israël te jwe pwostitiye avè l la. Konsa, li te vin yon pèlen pou Gédéon avèk lakay li.


Alò, li te vin rive ke lè Abiathar, fis Achimélec la, te sove ale pou rive kote David nan Keïla, li te desann avèk yon efòd nan men l.


David te di a Abiathar, prèt la, fis Achimélec la: “Souple, pote ban m efòd la.” Konsa, Abiathar te pote efòd la bay David.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite