Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 28:41 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Ou va mete yo sou Aaron, frè ou a, sou fis li yo avèk li, epi ou va vide lwil sou yo pou fè òdonasyon yo e konsakre yo, pou yo kab sèvi Mwen kòm prèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

41 Apre sa, w'a mete rad yo sou Arawon, frè ou la, ansanm ak pitit gason l yo. Lèfini, w'a vide lwil sou tèt yo, w'a ba yo pouvwa pou yo fè sèvis Bondye. W'a mete yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m prèt.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 28:41
24 Referans Kwoze  

“Epi fè Aaron, frè ou a vin pre ou menm, avèk fis pa li yo avè l, pami fis Israël yo pou sèvi kòm prèt pou Mwen—Aaron, Nadab, avèk Abihu, Éléazar, ak Ithamar, fis Aaron yo.


“Sa yo se vètman ke yo va fè: yon pyès pou kouvri lestomak yo, yon efòd, avèk yon gwo manto, yon tinik avèk yon modèl kare, yon tiban pou tèt la, yon sentiwon ki fèt an twal. Yo va fè vètman sen yo pou Aaron, frè ou a ak fis li yo, pou li kapab sèvi kòm prèt pou Mwen.


Ou va mete tout sa yo nan men Aaron ak men a fis li yo, e ou va balanse yo anlè tankou yon ofrann balanse devan SENYÈ a.


“Konsa ou va fè pou Aaron ak fis li yo, selon tout sa ke Mwen te kòmande ou yo. Ou va òdone yo pandan sèt jou.


Epi ou va pran lwil onksyon an, ou va vide li sou tèt li pou onksyone li.


Ou va mete sentiwon pou yo, ni Aaron ni fis li yo, e ou va mare chapo yo sou tèt yo. Yo va genyen pozisyon prèt la, kòm yon lòd k ap pou tout tan san fen.


Avèk li ou va fè lansan, yon pafen, zèv a yon mèt melanj pafen, avèk disèl, ki pi, e ki sen.


Ou va mete vètman sen yo sou Aaron. Ou va onksyone Aaron, e konsakre li, pou li kapab vin sèvi kòm prèt Mwen.


Konsa, ou va onksyone yo jis jan ke ou te onksyone papa yo, pou yo kapab vin sèvi kòm prèt pou Mwen. Onksyon pa yo va kalifye yo kòm prèt pou tout tan atravè tout jenerasyon pa yo.”


Konsa li va rive nan jou sa a, ke chaj Li va leve soti sou do nou, jouk Li sou kou nou, e jouk la va kraze akoz lwil oksonye.


Lespri Senyè BONDYE a sou mwen, akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo. Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo, pou pwoklame libète a kaptif yo e delivrans a prizonye yo;


Pandan sèt jou, yo va fè ekspiyasyon pou lotèl la e fè l vin pwòp; se konsa yo va konsakre li.


Nou pa pou menm sòti nan pòtay tant asanble a, sinon, nou va mouri; paske lwil onksyon SENYÈ a sou nou.”


Li va benyen kò li avèk dlo nan yon lye sen. Li va mete vètman li yo pou vin parèt e ofri ofrann brile pa li avèk ofrann brile ki pou pèp la, epi pou fè ekspiyasyon pou li menm ak pou pèp la.


Li te pale avèk Koré ak tout konpanyen li yo. Li te di: “Demen maten, SENYÈ a va montre kilès ki apatyen ak Li e kilès ki sen, epi Li va fè moun sa a vin touprè Li. Menm sila ke Li chwazi a, Li va mennen li toupre Li menm.


Sa yo se non a fis Aaron yo, prèt onksyone ke li te konsakre pou sèvi kòm prèt yo.


Paske Li menm ke Bondye voye a, pale pawòl a Bondye. Paske Li bay Lespri a san mezi.


Okenn moun konsa p ap pran onè pou tèt li, men li rele pa Bondye, menm jan Aaron te rele a.


Paske Lalwa nonmen moun ki fèb kòm wo prèt, men pawòl a sèman, ki te vini aprè Lalwa a, te nonmen yon Fis ki te fèt pafè pou tout tan.


Men nou menm gen lonksyon lan ki sòti nan Sila ki Sen an, epi nou tout konnen sa.


Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li enstwi nou nan tout bagay. Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite