Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 27:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 “Tout bagay itil a tabènak yo sèvi nan tout sèvis li, ak tout pikèt li yo va fèt an bwonz.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Tout bagay ki la pou sèvi nan tant lan, tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a, tou sa gen pou fèt an kwiv.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 27:19
14 Referans Kwoze  

De li menm, va vin parèt wòch ang lan, de li menm, pikèt tant lan, de li menm, banza batay la, de li menm, tout wa yo ansanm.


Gade sou Sion, gran vil a gwo fèt dezinye yo. Zye ou va wè Jérusalem, yon abitasyon san twoub, yon tant ki p ap bezwen pliye. Pikèt li p ap janm rache, ni kòd li yo p ap chire.


Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.


Men koulye a, pou yon ti moman, gras la te parèt soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, pou kite pou nou, yon retay ki chape, pou bay nou yon pati nan kote sen Li an, pou Bondye nou an ta kapab klere zye nou e fè nou twouve yon ti amelyorasyon nan esklavaj nou an.


pilye ki antoure galeri a ak baz reseptikal pa yo, pikèt ak kòd yo, avèk tout bagay pou sèvi ladann yo. Ou va chwazi chak moun pa non li, pou bagay ke li gen pou pote yo.


ak pilye ki antoure galeri a, avèk baz reseptikal pa yo avèk pikèt ak kòd yo.


afè pandye yo pou galeri a, pilye li yo, baz reseptikal li yo, rido pou pòtay galeri a, kòd li yo, pikèt li yo, ak tout afè pou sèvis tabènak la, pou tant reyinyon an;


epi baz reseptikal yo pou galeri a, tout pikèt a tabènak yo ak tout pikèt pou galeri yo toutotou.


Tout pikèt yo pou tabènak la avèk galeri a toutotou a te an bwonz.


pikèt tabènak yo avèk pikèt galeri yo, ak kòd pa yo;


“Ou va fè bokit li yo pou retire sann, avèk pèl li yo, basen li yo, fouch li yo, ak po dife. Ou va fè tout bagay itil sa yo avèk bwonz.


Longè a galeri a va san koude, lajè a va senkant toupatou, e wotè a, senk koude an twal fen blanc, byen tòde, avèk baz reseptikal yo an bwonz.


“Ou va pase lòd a fis Israël yo pou yo pote bay ou lwil byen klè ki fèt avèk oliv byen bat pou limyè a, pou yon lanp kapab briye tout tan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite