Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 26:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 “Alò ou va fè rido yo avèk pwal kabrit tankou yon tant sou tabènak la. Ou va fè onz rido antou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 W'a fè onz lèz twal ak plim kabrit pou fè yon gwo tant pou kouvri kay Bondye a pwoteje li.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 26:7
18 Referans Kwoze  

Lamarye a wa a bèl nèt anndan. Vètman li trese antre sòti avèk lò.


Twal nan koulè ble, mov, ak wouj, avèk twal fen blan, pwal kabrit,


“Anplis de sa, ou va fè tabènak la avèk dis rido an twal len fen ki tòde avèk twal ble, mov, ak wouj, ak cheriben yo. Yo gen pou fèt pa yon mèt ouvriye ak gwo kapasite.


“Mòso anplis ki debòde nan rido a tant lan, mwatye rido ki rete a, va kouche anwo lòt la pa dèyè tabènak la.


“Ou va fè yon kouvèti pou tant lan avèk po belye ki fonse wouj, e yon kouvèti an po dofen pa anwo.


Ou va fè senkant kwòk an lò, e ou va jwenn rido yo youn avèk lòt avèk kwòk. Konsa, tabènak la kapab fè yon sèl.


Longè chak rido va trant koude, e lajè a va kat koude. Onz rido yo va gen menm mezi.


Ou va jwenn senk rido yo poukont yo, lòt sis rido yo poukont yo, e ou va vin double sizyèm rido a pa devan tant lan.


Chak moun, ki te gen nan posesyon li twal ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan ak pwal kabrit, po belye fonse wouj, ak po dofen, te pote yo.


Tout fanm avèk kè bon volonte, ansanm ak yon kapasite te file pwal kabrit yo.


twal ble, mov ak wouj, twal fen blan, pwal kabrit,


SENYÈ la va fè sou tout landwa Mòn Sion, ak sou tout asanble li yo, yon nwaj pa jou, lafimen a menm, epi eklere ak yon flanm dife pandan nwit la, paske sou tout glwa la, va genyen yon kouvèti.


Alò, devwa a fis Guerschon yo nan tant asanble a se te tabènak la avèk tant lan, kouvèti li, rido pòtay tant asanble a,


Nou va pirifye tèt nou, tout rad nou yo, tout bagay ki fèt an kwi, tout travay an po kabrit ak tout bagay an bwa.”


Yo va pote rido a tabènak la, Tant Asanble a avèk kouvèti li, kouvèti po dofen ki sou li a, ak rido pòtay a Tant Asanble a,


men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye.


Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo".


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite