Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 26:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Ou va pandye li sou kat pilye akasya yo ki kouvri avèk lò, kwòk pa yo osi fèt avèk lò, sou kat baz reseptikal ki fèt an ajan yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

32 W'a pann rido a sou kat poto an bwa zakasya. Poto yo va kouvri ak lò. Y'a gen kwòk an lò moute sou yo. Y'a chita sou kat sipò an ajan.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 26:32
6 Referans Kwoze  

Te gen bagay pann ki fèt an len fen blan e vyolèt ki te kenbe pa kòd fèt an len fen mov, wondèl an ajan avèk pilye an mèb. Devan yo te fèt an lò avèk ajan te plase sou yon pave mozayik ki fèt ak mab wouj, mab blan, gwo pèl klere avèk pyè presye.


po belye fonse wouj, po dofen bwa akasya,


“Ou va fè yon vwal avèk materyo ble, ak mov avèk wouj; twal fen blan byen tòde. Li va fèt avèk yon cheriben, zèv a yon mèt ouvriye ki gen kapasite.


Ou va pandye vwal la anba kwòk yo e ou va fè li antre nan lach temwayaj la nan plas sa a, pa anndan vwal la. Konsa, vwal la va sèvi pou nou kòm yon separasyon antre lye ki sen an ak lye ki sen pase tout la.


Ou va fè senk pilye yo avèk akasya pou rido a, e ou va kouvri yo avèk lò. Kwòk pa yo osi va fèt avèk lò. Konsa, ou va fonde senk baz reseptikal an bwonz pou yo.”


epi li te fè senk pilye li yo avèk kwòk pa yo, e li te kouvri tèt yo avèk bann seraj avèk lò; epi senk baz reseptikal yo te an bwonz.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite