Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 26:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 “Ou va monte tabènak la selon plan ki te montre a ou sou mòn nan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

30 W'a fè tant lan dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 26:30
14 Referans Kwoze  

“Veye pou nou fè yo selon patwon ki pou yo a, ki te montre a ou nan mòn nan.”


ki sèvi kòm yon kopi ak lonbraj a bagay selès yo, jis jan ke Moïse te avèti pa Bondye lè Li te prèt pou leve tabènak la, paske “Veye” Li te di: “pou ou fè tout bagay selon modèl ki te montre a ou menm sou mòn nan.”


Selon tout sa ke M gen pou montre nou, kòm modèl tabènak la, ak patwon tout mèb li yo, se konsa ojis ke nou va konstwi li.


“Zansèt nou yo te gen tabènak temwayaj nan dezè a, menm jan ke Sila ki te pale avèk Moïse la te kòmande li pou fè, selon modèl ke li te wè a.


Konsa, li te nesesè pou kopi a bagay ki nan syèl yo ta vin netwaye avèk san sila a, men bagay selès yo, yo menm, avèk yon pi bon sakrifis ke sa yo.


Pou Li aji kòm sèvitè nan sanktyè a, ak nan vrè tabènak la ke Senyè a, olye lòm te fè leve.


Alò, fis Israël yo te vin rasanble yo menm nan Silo e te monte tant asanble a. Peyi a te vin soumèt devan yo.


Epi Kehath yo te derape. Yo t ap pote bagay sen yo. Lòt yo te gen tan monte tabènak avan ke yo te rive.


“Nan premye jou mwa a ou va monte tabènak tant reyinyon an.


Ou va fè li vid, avèk planch. Fè l jan sa te montre a ou nan mòn nan, konsa yo va fè li.


Ou va kouvri planch yo avèk lò e fè wondèl yo avèk lò tankou soutyen pou travès yo. Epi ou va kouvri poto yo avèk lò.


Men kòman mendèv chandelye a te ye; fèt avèk lò ki bat, soti nan baz li jis rive nan flè yo, li te yon travay ki bat. Selon modèl ke SENYÈ a te montre a Moïse la, konsa li te fè chandelye a.


David te di: “SENYÈ a te fè M konprann avèk men L ki te ekri pou mwen, tout detay a modèl sila a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite