Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 26:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 “Ou va fè yon kouvèti pou tant lan avèk po belye ki fonse wouj, e yon kouvèti an po dofen pa anwo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 W'a fè yon kouvèti ak po belye pou tant lan. W'a tenn li wouj. Apre sa, w'a fè yon lòt kouvèti ak po bazann pou kouvri tant Bondye a.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 26:14
14 Referans Kwoze  

Paske nan jou twoub la, Li va kache mwen nan tabènak Li. Nan plas sekrè kote tant Li an ye a, se la Li va fè m kache. Li va leve mwen sou yon wòch.


po belye fonse wouj, po dofen bwa akasya,


Yon koude sou yon kote e yon koude sou lòt kote a, sa ki rete nan longè rido a tant lan, li va debòde sou kote tabènak la sou yon bò, ni sou lòt la pou kouvri li.


Chak moun, ki te gen nan posesyon li twal ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan ak pwal kabrit, po belye fonse wouj, ak po dofen, te pote yo.


ak po belye fonse wouj, e po dofen avèk bwa akasya,


Li te fè yon kouvèti pou tant lan avèk po belye fonse wouj, ak yon kouvèti avèk po vach lanmè pa anlè.


epi kouvèti po belye fonse wouj yo, kouvèti po dofen yo, ak vwal rido pòtay la;


Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè. Paske souf a mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray.


Va gen abri pou bay lonbraj kont chalè jounen an, e pou pwoteje kont tanpèt ak lapli.


Anplis, Mwen te abiye ou ak twal ak bèl bwodri, Mwen te mete sandal fèt ak po bazann nan pye ou. Mwen te vlope ou ak len fen e te kouvri ou ak swa.


Yo va mete tout zouti li yo nan yon kouvèti po dofen, e yo va mete li nan poto ki fèt pou pote a.


Yo va pote rido a tabènak la, Tant Asanble a avèk kouvèti li, kouvèti po dofen ki sou li a, ak rido pòtay a Tant Asanble a,


Lè kan an pati, Aaron avèk fis li yo va antre ladann. Yo va fè desann vwal rido a, e yo va kouvri lach temwayaj la avèk li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite