Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 23:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Nou va pote pi bon nan premye fwi latè yo antre nan kay SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou, n'a pote yo bay Senyè a, Bondye nou an, lakay li, Piga ou kwit yon ti kabrit nan lèt manman li.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 23:19
20 Referans Kwoze  

“Ou va pote premye nan premye fwi tè ou yo pou l antre lakay SENYÈ a, Bondye ou a. Ou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.”


“Nou pa pou manje okenn bagay ki mouri pou kont li. Nou gen dwa bay li a etranje ki rete nan vil nou, pou li kab manje l, oswa nou kapab vann li a yon etranje; paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jenn ti kabrit ki nan lèt manman.


“‘Koulye a, veye byen, mwen te mennen premye pwodwi a tè a, ke Ou menm, O SENYÈ a te ban mwen.’ Ou va mete li la devan SENYÈ a, Bondye ou a, epi adore devan SENYÈ a, Bondye ou a;


epi pou yo ta kab pote premye fwi tè yo avèk premye fwi a tout fwi a tout pyebwa yo, lakay SENYÈ a chak ane,


Ou pa pou fè reta avèk ofrann ki sòti nan rekòlt la avèk diven an. Premye ne nan fis ou yo, ou va ban Mwen l.


ke nou va pran kèk nan premye a tout pwodwi latè ke nou mennen antre sòti nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an. Nou va mete li nan yon panyen e ale kote SENYÈ a, Bondye nou an, nan plas SENYÈ Bondye nou va chwazi pou etabli non Li an.


Sa yo se sila ki pa t souye pa fanm yo, paske se vyèj yo ye. Sa yo se sila ki swiv Jèn Mouton an tout kote Li ale. Sa yo te achte pami lòm kòm premye fwi pou Bondye, e pou Jèn Mouton an.


Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon premye fwi de sila ki mouri yo.


Paske abitid a pèp yo se afè twonpe moun; konsi se bwa ki koupe nan forè, zèv men atizan ki koupe ak zouti.


Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li; men konpasyon a mechan an se mechanste.


Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo; ak premye pati nan tout prodwi ou,


Ou pa pou modi Bondye, ni modi yon chèf pèp ou.


Soti nan premye bòl farin moulen an, nou va bay SENYÈ a yon ofrann pandan tout jenerasyon nou yo.


epi pote lakay Bondye nou an, premye ne a fis nou yo ak bèf nou yo e premye ne nan bann mouton avèk twoupo nou yo, jan sa ekri nan lalwa a, pou prèt ki ap sèvi lakay Bondye nou an.


Premye a tout premye fwi tout kalite ak tout don a tout kalite soti nan tout sa nou kontribye va pou prèt yo. Nou va, anplis, bay prèt la premye nan bòl farin nou yo, pou fè benediksyon vin poze sou lakay nou.


Akote lizyè prèt yo, Levit yo va gen venn-senk-mil koude nan longè, e di-mil nan lajè. Longè total la va venn-senk-mil koude, e lajè a va di-mil koude.


Anplis, yo p ap ni vann ni fè echanj okenn ladann, ni anile okenn nan pòsyon chwazi nan teren sa a; paske li sen a SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite