17 Twa fwa pa lane tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ Bondye a.
17 Twa fwa chak lanne, tout gason nan pèp la va parèt devan mwen menm Senyè a, Bondye a.
sou sila, tribi yo konn monte, menm tribi a SENYÈ yo, yon òdonans pou Israël, pou bay remèsiman a non SENYÈ a.
Nanm mwen swaf pou Bondye, Pou Bondye vivan an. Se kilè mwen kab vini pou parèt devan Bondye?
Se dlo nan zye m ki manje mwen lajounen kon lannwit. Pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye ou a?”
Yo sòti nan fòs pou antre nan fòs yo. Yo chak parèt devan Bondye nan Sion.
Twa fwa pa ane nou va selebre yon fèt pou Mwen.
Twa fwa pa ane tout mal nou yo va parèt devan Senyè BONDYE a, Bondye Israël la.
Lè nou vin parèt devan M, kilès ki egzije nou vin foule lakou Mwen an konsa?
Lè L te vin gen douz ane, yo te monte la selon koutim fèt la.
Men nou va chache kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi sou tout trib nou yo, pou etabli non Li a tankou kote pou L ta rete, e la, nou va vini.
“Twa fwa pa ane, tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ, Bondye nou an, kote Li chwazi a, nan Fèt Pen San Ledven an, nan Fèt Semèn yo, nan Fèt Tonèl yo, e yo p ap parèt devan SENYÈ a men vid.
lè tout Israël vini pou parèt devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke Li va chwazi a, nou va li lwa sila a devan tout Israël pou yo tout tande l.