Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 22:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Ou va fè menm bagay la avèk bèf ou yo, ak mouton ou yo. Li va rete avèk manman l pandan sèt jou, e nan uityèm jou a ou va ban Mwen li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

30 N'a ban mwen tou premye pitit bèf nou yo ak premye pitit mouton nou yo. Ti bèt la va pase sèt jou avèk manman l. Sou uityèm jou a n'a ofri l ban mwen.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 22:30
14 Referans Kwoze  

Epi chak mal antre nou ki gen uit jou va sikonsi selon tout jenerasyon nou yo, e osi yon sèvitè ki fèt lakay ou, oswa ki achte avèk lajan a nenpòt etranje ki pa sòti nan desandan pa nou yo.


ou va konsakre a SENYÈ a premye ne nan tout vant, ak premye ne nan chak bèt ke ou posede. Mal yo se pou SENYÈ a ke yo ye.


Men mwen te di: “Ah Senyè BONDYE! Mwen pa t janm konn souye nanm mwen. Paske depi nan jenès mwen jis rive koulye a, mwen pa t janm manje sa ki te mouri pou kont li, oswa ki te chire pa bèt sovaj, ni okenn vyann ki pa t pwòp pa t janm antre nan bouch mwen.”


Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, se pou nou konsakre nou e rete sen, paske Mwen sen. Nou pa pou fè tèt nou pa pwòp avèk okenn bagay trennen, k ap trennen atè.


Paske Mwen se SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte pou M ta Bondye nou. Konsa nou va sen, paske Mwen sen.’”


Nan uityèm jou a, chè ti pijon pitit gason an va vin sikonsi.


“Lè yon moun manje yon bèt ki mouri oswa ki chire pa lòt bèt kit li se yon moun peyi a, oswa yon etranje, li va lave rad li, li va benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Konsa, li va vin pwòp.


“Lè yon bèf oswa yon mouton, oswa yon kabrit vin fèt, li va rete pandan sèt jou avèk manman li. Men depi nan uityèm jou a, li va vin aksepte kòm yon sakrifis pou yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.


Li pa pou manje yon bèt ki mouri oswa ki chire pa lòt bèt, pou fè l vin pa pwòp.


“Pale avèk fis Israël yo e di: ‘Nou pa pou manje okenn grès a yon bèf, yon mouton, oswa yon kabrit.


Osi, grès a yon bèt ki mouri e grès a yon bèt ki dechire pa bèt parèy li kapab mete a nenpòt lòt sèvis, men anverite, nou pa pou manje li.


Nou pa pou bwè okenn san, ni san zwazo, ni san bèt, ni okenn san nan abitasyon nou yo.


“Nou pa pou manje okenn bagay ki mouri pou kont li. Nou gen dwa bay li a etranje ki rete nan vil nou, pou li kab manje l, oswa nou kapab vann li a yon etranje; paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jenn ti kabrit ki nan lèt manman.


“Nou va konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, tout mal premye ne ki fèt nan twoupo oswa bann mouton nou yo. Nou p ap travay avèk premye ne nan twoupo nou, ni taye lenn nan premye ne nan bann mouton an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite