Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 21:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 alò, mèt li va mennen li devan Bondye, e apre li va mennen li vè pòt la, oswa chanbrann pòt la. Epi konsa, mèt li va pèse zòrèy li avèk yon pwenson, e li va sèvi li nèt jis pou tout tan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 enben, lè sa a, mèt la va mennen l devan Bondye. L'a fè l pwoche bò pòt la, osinon bò chanbrann pòt la, l'a pèse zòrèy li ak yon bagay pwenti. Konsa esklav la va rete ap sèvi li jouk li mouri.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 21:6
24 Referans Kwoze  

Alò, yo te pale avèk li. Yo te di: “Si ou va sèvi pèp sa a jodi a, sede a yo sa ke yo mande e pale bon pawòl avèk yo. Konsa, yo va sèvitè ou pou tout tan.”


Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a. Li fè jijman nan mitan dye yo.


“‘Paske Mwen va pase nan peyi Égypte la nan nwit lan, e Mwen va frape tout premye ne nan peyi Égypte la, ni moun, ni bèt. Epi kont tout dye an Égypte yo, Mwen va egzekite jijman—Mwen menm se SENYÈ a.


Si de mesye vin lite youn avèk lòt, yo frape yon fanm ansent e li vin akouche avan lè, men pa gen lòt pwoblèm, li va peye yon amann jan mari a fanm nan kapab mande li, e li va peye li selon desizyon jij yo.


Men si esklav la di byen klè: “Mwen renmen mèt mwen, madanm mwen, ak pitit mwen yo; mwen p ap sòti tankou moun lib,”


Si yon mesye vann fi li kòm yon esklav femèl, li pa pou lage tankou yo kòn fè ak esklav mal yo.


Ou pa pou modi Bondye, ni modi yon chèf pèp ou.


Mwen va restore jij nou yo tankou nan kòmansman an ak konseye yo jan lè nou te fenk kòmanse a. Apre sa, yo va rele nou vil ladwati, yon vil ki fidèl.


“Tè a, anplis, pa pou vann nèt, paske tè a se pa M; paske nou se sèlman etranje k ap demere avè M.


Li va rete avèk nou kòm yon jounalye, menm kòm yon demere. Li va sèvi avèk nou jis rive nan ane jibile a.


Prens anndan li yo tankou lyon voras. Jij li yo tankou lou nan aswè. Yo p ap kite anyen rete pou maten.


Mwen te pase lòd ak jij nou yo nan tan sa a. Mwen te di, ‘Tande ka ki parèt antre nou menm avèk moun peyi parèy nou yo, e jije avèk ladwati antre yon nonm avèk moun peyi parèy a li, oswa etranje ki pami nou an.


“Li va vin rive ke si li di nou: “Mwen p ap sòti kite nou,” paske li renmen nou avèk tout lakay nou, akoz ke sa mache byen pou li avèk nou;


alò, nou va pran yon pik byen file pou pèse zòrèy li nèt antre nan poto pòt la, epi li va sèvitè nou nèt. Osi, nou va fè menm bagay la avèk sèvant yo.


“Nou va chwazi pou nou menm jij avèk ofisye nan tout vil ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou yo, selon tribi yo, e yo va jije pèp la avèk jijman ki dwat.


Men Anne pa t monte, paske li te di a mari li: “Mwen p ap monte jiskaske pitit la sevre. Epi mwen va pote li pou l kapab parèt devan SENYÈ a pou l rete la nèt.”


Konsa, Akisch te kwè David, Li te di: “Anverite, li vin fè tèt li rayisab pami pèp Israël pa l la. Konsa, li va sèvitè pa m jis pou tout tan.”


David te di a Akisch: “Se bon, ou va vin konprann sa ke sèvitè ou kapab fè.” Akisch te reponn a David: “Se bon, mwen va fè ou gad pèsonèl mwen pou tout lavi ou.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite