Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 21:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Men si yon bèf te deja gen abitid frennen moun e mèt li te avèti deja, men li pa t okipe sa, e li vin touye yon mesye oswa yon fanm, bèf la va lapide, e mèt li anplis va mete a lanmò.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

29 Men, si se pa premye fwa bèf la atake moun, si yo te pale mèt li men mèt li pat fè anyen pou sa, si bèf la touye yon gason osinon yon fanm, nan ka sa a y'ap toujou touye bèf la ak koutwòch, epi y'a touye mèt la tou pou pini l.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 21:29
5 Referans Kwoze  

Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.


Si yon bèf frennen yon mesye oswa yon fanm avèk kòn li, pou l mouri, bèf la va vrèman lapide jiskaske li mouri, e chè li p ap manje; men mèt bèf la p ap pini.


Si yon aman ranson vin enpoze pou konsève lavi l, nenpòt sa yo mande, li va peye l,


Men, si li te deja rekonèt ke bèf la te gen abitid frennen, men mèt li pa t okipe sa, li va vrèman peye bèt pou bèt, e bèt mouri an va vin pou li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite