Pandan sis jou ou va fè travay ou, men nan setyèm jou a, ou va sispann fè travay pou bèf ou avèk bourik ou kapab repoze, ansanm avèk fis esklav femèl ou a, ak etranje ou a tou, kapab repoze.
“‘Pandan sis jou nou kapab travay, men nan setyèm jou a, gen yon Saba repo konplè, ki sen a SENYÈ a. Nenpòt moun ki fè okenn travay nan jou sa a va vrèman vin mete a lanmò.
Pandan sis jou nou mèt travay, men nan setyèm jou a, nou va gen yon jou sen, yon repo Saba konplè a SENYÈ a. Nenpòt moun ki fè travay nan li va vin mete a lanmò.
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Pòtay pou lakou enteryè ki bay fas vè lès la va fèmen pandan sis jou travay yo; men li va ouvri nan Saba a, e li va vin ouvri nan jou nouvèl lin nan.
“‘Pandan sis jou, travay kapab fèt, men sou setyèm jou a, va gen yon repo Saba konplè, yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay. Se yon Saba a SENYÈ a nan tout domisil nou yo.
Men ofisye sinagòg la, byen move akoz Jésus te geri nan Saba a, te di foul la kòm repons: “Gen sis jou pou travay kapab fèt. Konsa, vini pandan jou sa yo pou geri, men pa nan jou Saba a.”