Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 20:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Sonje jou Saba a pou kenbe l sen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Toujou chonje jou repo a pou nou mete l apa pou mwen.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 20:8
22 Referans Kwoze  

Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo.


Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te fè a.


Nan jou sa yo, mwen te wè nan Juda kèk moun ki t ap bat rezen nan Saba a, ki t ap fè antre sak sereyal yo, chaje yo sou bourik yo, ansanm avèk diven an, rezen yo, fig yo ak tout kalite chaj yo pou yo te pote yo antre Jérusalem nan jou Saba a. Pou sa, mwen te fè temwen kont yo nan jou ke yo t ap vann manje a.


Konsa, Ou te fè yo rekonèt Saba sen Ou an, epi te byen poze pou yo, kòmandman yo, règleman yo, avèk lalwa yo pa sèvitè Ou, Moïse.


Pandan sis jou ou va fè travay ou, men nan setyèm jou a, ou va sispann fè travay pou bèf ou avèk bourik ou kapab repoze, ansanm avèk fis esklav femèl ou a, ak etranje ou a tou, kapab repoze.


SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:


Alò, Moïse te reyini tout kongregasyon a fis Israël yo. Li te di yo: “Se bagay sa yo ke SENYÈ a te kòmande nou fè:


A la beni nonm ki fè sa a beni, e fis a mesye a ki kenbe sa a fèm; ki pa janm derespekte Saba a, e ki anpeche men l fè mal la.”


“Si, nan Saba a, ou vire pye ou, pou sispann fè pwòp plezi pa ou nan jou sen Mwen an, e rele Saba a yon gwo plezi, epi jou sen a SENYÈ onorab, e bay li onè, olye chache chemen pa ou, olye pwòp plezi pa ou, ak pale pwòp pawòl pa w,


Konsa pale SENYÈ a: “Veye afè nou e pa pote okenn chaj nan jou Saba a, ni pa mennen anyen antre nan pòtay Jérusalem nan.


Nou p ap fè okenn chaj sòti lakay nou nan jou Saba a. Ni pa fè okenn travay, men kenbe jou Saba a sen, jan Mwen te kòmande papa zansèt nou yo.


Men li va vin rive ke si ou koute M byen pre,” deklare SENYÈ a, “pou pa fè chaj antre nan pòtay lavil sa a nan jou Saba a, men ou kenbe Saba a sen e pa fè travay sou li,


Sanktifye Saba Mwen yo. Konsa, yo va vin yon sign antre Mwen menm ak nou, pou nou ka konnen ke Mwen se SENYÈ Bondye nou an.’


“‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.


“‘Nou va kenbe Saba Mwen yo, e nou va onore sanktyè Mwen an. Mwen se SENYÈ a.


“‘Pandan sis jou, travay kapab fèt, men sou setyèm jou a, va gen yon repo Saba konplè, yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay. Se yon Saba a SENYÈ a nan tout domisil nou yo.


“Nou va kenbe Saba Mwen yo, e nou va onore sanktyè Mwen an. Mwen se SENYÈ a.


Alò, pandan fis Israël yo te nan dezè a, yo te twouve yon nonm ki t ap ranmase bwa nan jou Saba a.


‘Obsève jou Saba a pou kenbe l sen, jan SENYÈ a Bondye nou an te kòmande nou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite