Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 19:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Alò, SENYÈ a te di li: “Ale desann e monte ankò, ou menm e Aaron avèk ou. Men pa kite prèt yo, ni pèp la pase antre pou monte vè SENYÈ a, oswa L ap eklate sou yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Lè sa a Senyè a di Moyiz: — Desann non. Epi tounen ansanm ak Arawon. Men pa kite prèt yo ak pèp la depase limit ou te ba yo a pou yo kouri vin kote m. Si yo fè sa, m'ap touye yo.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 19:24
20 Referans Kwoze  

Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.


Paske Bondye nou an se yon dife k ap devore.


Men Lekriti sen an anchene tout bagay anba peche, pou pwomès la, pa lafwa nan Jésus Kri a, ta kapab bay a sila ki kwè yo.


Alò, poukisa Lalwa a? Li te ajoute akoz de transgresyon yo, ki te òdone atravè zanj yo pa ajans a yon medyatè, jiskaske semans lan ta kapab rive a Sila pwomès la te fèt la.


Paske Lalwa a pote lakòlè, men kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon.


Paske Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris.


“Lalwa avèk pwofèt yo te pwoklame jiska Jean. Depi lè sa a bòn nouvèl a wayòm Bondye a preche, e tout moun ap fòse antre ladann.


“Fè efò pou antre pa pòt etwat la; paske anpil, Mwen di nou, va eseye antre, e yo p ap kapab.


Depi jou a Jean Baptiste yo jis rive kounye a, wayòm syèl la ap soufri vyolans, e lòm vyolan yo pran li pa lafòs.


Alò, Moïse te pran Aaron, Nadab, Abihu, ak swasann-dis nan ansyen Israël yo pou monte.


Alò, Li te di a Moïse: “Vin monte vè SENYÈ a, ou menm avèk Aaron, Nadab, Abihu avèk swasann-dis nan ansyen Israël yo, e nou va adore a yon distans.


“Ou va fè bòn limit pou pèp toutotou yo. Ou va di yo: ‘Gade byen pou nou pa monte sou mòn nan, ni touche rebò li. Nenpòt moun ki touche mòn nan va anverite mete a lanmò.


Konsa, Moïse te desann vè pèp la e te pale yo.


Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di: ‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwoch Mwen yo, e devan tout pèp la Mwen va onore.’” Konsa, Aaron te gade silans.


Lè yo te rive nan glasi vannen an nan Cidon, Uzza te lonje men l pou bay soutyen a lach la akoz bèf yo te prèt pou chavire l.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite