Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 19:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Nanpwen men k ap mete sou moun sa a, men li va anverite lapide oswa frennen nèt; menm si se moun oswa bèt, li p ap viv.’ Lè twonpèt kòn lan fè yon gwo son, yo va monte vè mòn nan.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Y'a kalonnen l kout wòch osinon y'a pèse l ak kout flèch jouk li mouri, san pèsonn p'ap bezwen manyen l ak men yo. Kit se yon moun, kit se yon bèt, se pou yo touye l. Lè y'a tande kòn lan kònen, se lè sa a y'a moute sou mòn lan.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 19:13
11 Referans Kwoze  

Epi Moïse te desann mòn nan vè pèp la. Li te konsakre pèp la, e yo te lave vètman yo.


Konsa, li te rive nan twazyèm jou a, lè li te vin maten, te genyen gwo tonnè avèk kout loray avèk yon nwaj byen fonse sou mòn nan, ak yon son twonpèt byen fò, jiskaske tout moun ki te nan kan an te tranble.


Epi Moïse te mennen pèp la sòti nan kan an pou rankontre Bondye. Yo te kanpe nan pye mòn nan.


Lè son twonpèt la te vin pi fò, e pi fò toujou, Moïse te pale, e Bondye te reponn avèk tonnè.


Nanpwen pèsòn ki pou monte avèk ou, ni pa kite pèsòn vizib nan okenn andwa sou mòn nan. Menm bann mouton yo ak twoupo yo p ap pou manje devan mòn sa a.”


nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e nou tout va vin chanje.


Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman.


Paske yo pa t kapab sipòte dekrè lan: “Menm si yon bèt touche mòn nan, li va lapide ak kout wòch.”


Mesye anbiskad yo te kouri kont Guibea; epi yo te ouvri pou voye frape tout vil la avèk lam nepe.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite