Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 18:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Moïse te pale bòpè li de tout sa ke SENYÈ a te fè Farawon an, ak Ejipsyen yo pou koz Israël, tout traka ki te vini sou yo nan vwayaj la, ak jan SENYÈ a te delivre yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Moyiz rakonte bòpè li tout sa Senyèa te fè farawon an ak moun peyi Lejip yo pase poutèt pitit Izrayèl yo. Li di tout tray yo te pase nan vwayaj la epi kijan Senyè a te delivre yo.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 18:8
23 Referans Kwoze  

Paske kijan mwen kapab monte vè papa m si jènjan an pa avè m?—paske mwen pè pou m ta wè malè ki vin pran papa m.”


Alò, pou sa, Bondye Nou an, Bondye gran, pwisan e mèvèy la, ki kenbe akò li avèk Lanmou dous, pa kite tout twoub sa yo vin bliye devan Ou, ki te vin rive sou nou, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo, papa zansèt nou yo, ak sou tout pèp Ou yo, depi nan jou wa Assyrie yo, jis rive jodi a.


Konsa, Li te sove yo depi nan men a sila ki te rayi yo, e te rachte yo soti nan men a lènmi an.


Sepandan, Li te sove yo pou koz non Li, pou L te kab fè pwisans Li rekonèt.


Kite rachte a SENYÈ yo pale: “Se sa!” Sila ke Li fin rachte soti nan men advèsè a,


Vin tande, nou tout ki gen lakrent Bondye e mwen va pale ou tout sa Li te fè pou nanm mwen.


Ou te rele nan twoub la e Mwen te fè ou sekou. Mwen te reponn Ou nan plas kote tonnè a kache a. Mwen te fè ou pase eprèv nan dlo Meriba yo. Tan


Sezisman avèk laperèz vin tonbe sou yo. Pa pwisans bra Ou, yo vin san fòs tankou wòch; jis lè pèp Ou a vin janbe, O SENYÈ, Jis lè pèp ke Ou te ransone a vin janbe.


Men dwat Ou, SENYÈ, ranpli ak majeste avèk pwisans. Men dwat Ou, O SENYÈ, vin dechire lènmi an nèt.


Fis Israël yo te di yo: “Pito ke nou te mouri pa men SENYÈ a nan peyi Égypte la pandan nou t ap chita akote chodyè vyann yo, pandan nou t ap manje pen jis nou vin plen. Men ou mennen nou deyò nan dezè sila a pou touye tout asanble a avèk grangou.”


Alò Jéthro, prèt Madian an, bòpè Moïse la, te tande tout sa ke Bondye te fè pou Moïse, ak pou Israël, pèp li a. Jan SENYÈ a te mennen Israël sòti an Égypte.


Bondye te wè fis Israël yo, e Bondye te konprann.


Paske zanj Mwen va ale devan nou pou mennen nou nan peyi Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Kananeyen yo, Evityen yo, ak Jebisyen yo. Epi Mwen va detwi yo nèt.


Epi Mwen te di ou: Kite fis Mwen an ale pou l kapab sèvi M, men ou te refize kite l ale. Gade byen, Mwen va touye fis ou a, premye ne pa w la.’”


Men Farawon an pa p koute ou, epi konsa Mwen va mete men M sou Égypte. Mwen va mennen lame Mwen yo, pèp Mwen an, fis Israël yo, pou soti deyò peyi Égypte la avèk gwo jijman yo.


“Ejipsyen yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a lè mwen lonje men M sou Égypte, e fè fis Israël yo sòti nan mitan yo.”


Soti nan Kadès, Moïse te voye mesaj vè wa Édom an: “Konsa frè ou a, Israël te pale: ‘Ou konnen tout traka ki gen tan pran nou;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite