Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 18:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Alò, Moïse te sòti pou rankontre bòpè li. Li te bese ba e li te bo li, epi yo chak te mande lòt kijan yo te ye, epi yo te antre nan tant la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Moyiz sòti al kontre bòpè li, li bese tèt li jouk atè devan l pou di li bonjou, epi li bo l. Yonn mande lòt ki jan yo ye, epi yo antre anba tant Moyiz la.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 18:7
23 Referans Kwoze  

Apre Abram te sòti nan masak Kédorlaomer ak wa ki te avè l yo, wa Sodome nan te sòti pou rankontre l nan vale Schavé a, (sa vle di Vale a Wa a).


Lè li te leve zye li pou te gade, men twa mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè.


Alò, de zanj te vini Sodome nan aswè lè Lot te chita nan pòtay Sodome nan. Lè Lot te wè yo, li te leve pou rankontre yo. Li te bese ba avèk figi li atè.


Alò, lè Laban te tande nouvèl Jacob la, fis a sè li, li te kouri pou ale rankontre avè l e te anbrase li. Li te bo li, e te mennen li lakay li. Konsa, Jacob te eksplike Laban tout bagay sa yo.


Ou pa t menm kite m bo fis mwen yo, ak fi mwen yo. Alò, ou gen tan fè betiz.


Lè Joseph te rive lakay li, yo te pote kado ki te nan men yo bò kote li nan kay la, e yo te bese atè devan li.


Li te bo tout frè li yo, li te kriye sou yo, e apre frè l yo te pale avèk li.


Joseph te prepare cha li, li te monte Gosen pou rankontre papa li, Israël. Depi li te parèt devan li, li te tonbe nan kou li e li te kriye nan kou li pandan anpil tan.


Lè Urie te vin kote li, David te mande pa sikonstans a Joab avèk tout pèp la ak jan lagè a te mache a.


Konsa, Bath-Schéba te ale kote Wa Salomon pou pale avèk li pou Adonija. Epi wa a te leve pou rankontre li. Li te bese devan l, e te chita sou twòn li an. Li te fè yo ranje yon twòn pou manman a wa a, e li te chita bò kote men dwat li.


Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, epi ou ta mouri nan chemen an. Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. A la beni se tout sila ki kache nan Li.


Li te voye di Moïse: “Mwen menm, bòpè ou Jéthro, ap vin kote ou avèk madanm ou, ak de fis li yo avè l.”


Alò Moïse te abitye pran tant lan, li te monte li deyò kan an, yon bon distans a kan an, e li te rele li “Tant Reyinyon an”. Epi tout moun ki t ap chache SENYÈ a te konn ale nan tant reyinyon ki te deyò kan an.


Alò SENYÈ a te di a Aaron: “Ale rankontre Moïse nan dezè a.” Konsa li te ale rankontre li nan mòn Bondye a e te bo li.


Lè Balak te tande ke Balaam t ap vini, li te sòti pou rankontre li nan vil Moab la, ki nan fwontyè Arnon an, nan dènye pwent lizyè a.


Ou pa t bo M; men li menm, depi lè M antre a li pa sispann bo pye Mwen.


Konsa, yo te kòmanse kriye fò. Yo te anbrase Paul, e t ap bo l anpil.


Epi frè fidèl yo, lè yo te tande de nou, te vini la soti nan distans pou rive nan Mache Appuis la avèk Twa Tavernes pou rankontre nou. Lè Paul te wè yo, li te remèsye Bondye e te pran kouraj.


Lè Jephthé te rive vè kay li nan Mitspa, men vwala, fi li a te vin parèt pou rankontre li avèk tanbouren ak dans. Alò, li te sèl pitit li. Sof ke li menm, li pa t gen ni fis ni fi.


Mennen ankò dis fwomaj sila yo bay kòmandan a milye pa yo, e tyeke si sa ale byen avèk frè ou yo e retounen avèk nouvèl pa yo.


Alò, David te kite sa l pote sou kont yon jeran, li te kouri vè chan batay la e li te antre pou l ta kapab salye frè li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite