Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 18:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Si ou fè bagay sa a jan Bondye kòmande ou a, alò, ou va gen kouraj pou andire, e anplis, tout moun sa yo va ale lakay yo anpè.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Si ou fè sa, Bondye va dirije ou. W'a kapab fè travay ou, epitou, tout pèp la va tounen lakay li ak kè poze.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 18:23
15 Referans Kwoze  

Depi lè ke li fin pale ak Abraham nan, SENYÈ a te pati, e Abraham te retounen nan kote pa li.


Alò, li te rive ke lè Rachel te fè Joseph, Jacob te di a Laban: “Voye mwen ale, pou mwen kapab ale nan pwòp plas mwen e nan pwòp peyi mwen.


Men moun yo te di: “Ou pa dwe sòti; paske si nou vrèman sove ale, yo p ap okipe nou; menm si mwatye ta mouri, yo p ap okipe nou. Men valè pa w vo di-mil a nou menm; pou rezon sa a, li pi bon pou ede nou soti nan vil la.”


Tout moun yo te travèse Jourdain an e wa a te travèse tou. Epi wa a te bo Barzillaï. Li te beni li e li te retounen nan plas li.


Men Abischaï, fis a Tseruja a te ede li, li te frape Filisten an pou te touye li. Epi mesye David yo te fè ve a li e te di: “Wa David, ou p ap sòti avèk nou ankò nan batay la pou ou pa vin etenn lanp Israël la.”


Gade, SENYÈ a te bannou Saba a. Pou sa, Li bannou pen pou de jou nan sizyèm jou a. Kite chak moun rete nan plas li. Pa kite pèsòn sòti nan plas li nan setyèm jou a.”


Ou va anverite vin epwize ou nèt, ni ou menm, ni pèp ki avè w la, paske tach la twò lou pou ou. Ou p ap kapab fè l pou kont ou.


Kite yo jije pèp la nan tout lè. Konsa, kite sa fèt ke chak gwo ka va vini devan ou, men chak ti ka, yo menm yo va jije yo. “Konsa li va pi fasil pou ou, e yo va pote chaj la avèk ou.


Alò Moïse te koute bòpè li, e li te fè tout sa ke li te di yo.


Lè Paul ak Barnabas te fè yon gran diskisyon ak deba avèk yo, lòt frè yo te detèmine ke Paul ak Barnabas ak kèk lòt nan yo ta dwe monte Jérusalem vè lòt apòt yo ak lansyen yo konsènan pwoblèm sila a.


Se te akoz yon revelasyon ke mwen te monte a. Epi konsa, mwen te soumèt devan yo menm levanjil ke mwen preche pami pèp etranje yo. Men mwen te fè sa an prive a sila ki te gen repitasyon yo, pou lakrent ke mwen ta ka petèt kouri, oubyen te kouri anven.


SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa yo e chwazi pou yo yon wa.” Konsa, Samuel te di a mesye Israël yo: “Nou chak, ale nan vil pa nou.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite