Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 18:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Li te vin rive nan pwochen jou a ke Moïse te chita pou jije pèp la, e pèp la te kanpe antoure Moïse soti nan maten a rive jis aswè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Nan denmen, Moyiz te chita pou rann jijman sou tout bagay ki pase nan mitan pèp la. Depi maten jouk aswè, moun t'ap pase devan Moyiz.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 18:13
9 Referans Kwoze  

Lè m te konn sòti nan pòtay lavil la, pou m te gen chèz mwen sou plas la.


Epi Jéthro, bòpè Moïse la te fè yon ofrann brile avèk sakrifis pou Bondye. Aaron te vini avèk tout ansyen Israël yo pou manje yon repa avèk bòpè Moïse la devan Bondye.


Alò, lè bòpè Moïse la te wè tout sa ke li te fè pou pèp la, li te di: “Kisa ke w ap fè pou pèp la konsa la a? Poukisa ou chita ou sèl ou tankou jij, e tout pèp la kanpe antoure ou soti nan maten, rive jis aswè?”


Yon twòn va etabli avèk lanmou dous, e yon jij va chita ak fidelite sou li nan tant David la. Li va chache jistis e va fè vit pou etabli ladwati.


“Kite nasyon yo leve pwop tèt yo pou vin monte nan vale Josaphat la; paske se la Mwen va chita pou jije tout nasyon ki ozalantou yo.


Li te di yo: “Skrib yo avèk Farizyen yo gen tan chita nan chèz Moïse la.


si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.


Se pou sa tou ke nou toujou peye taks leta a; paske sila k ap gouvène yo se sèvitè Bondye ki te plase espre pou sèvis sa a.


“Pale, Nou menm ki monte bourik blan yo, nou menm ki chita sou tapi chè yo, ak nou menm ki vwayaje sou wout la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite